Yon platfòm ki kreye pou pote divèsite nan kontni li pwopoze sou twitter. Nou trete sijè divètisman epi enfòme ak fòme nan respè yonn pou lòt. #Djuvito🕊️🤍
Lanmou-Limyè pou tout moun!🤍
Jan nou te anonse l nan fen mwa pase a, fen mwa sa a nou t ap tounen, ebyen men nou!
Nou tounen pou n pote pou ou chalè, kè kontan, divètisman ak motivasyon. Louvri kè w, paske, nou parèt nan lorizon an.
Lendi k ap 3 jiyè sa a, espas nou yo ap rekòmanse nòmalman. Gen anpil nouvote ke nou pa ka tann pou n prezante w, e nou pwomèt ou, n ap fè kè w kontan jan sa konn abitye fèt.
Annatandan, kòm nou konnen, fen mwa me a nou te selebre premye lane nou, kèk nan manb nou yo te rankontre divès kote pou te selebre antre yo, nou pote yon ti ekstrè pou w ka gen yon ide de kijan sa te ye.
Mèsi pou pasyans nou, fidelite nou, sipò ak lanmou nou pa sispann montre chak jou ki pase. Estaf la renmen nou anpil e nou pa ka tann pou n tande vwa chak grenn nan nou ki pral gen pou patisipe nan espas nou yo pou twazyèm sezon an.
Enjoy video a epi siveye paj la paske nou gen plizyè piblikasyon ki gen pou fèt byen avan espas yo rekòmanse.
Lanmou-Limyè 🫶🏾
Song : Avicii - The nights
Pou SECRET ROOM @01SecretRoom
Tout sa ki bon
Pa dwe disparèt
Tout sa ki wong
Ta dwe disparèt
Secret room
Ou se sa ki bon
Ou se Chèn nan koum
Ou Se JI sitwon
Kont rim ak lafyèv
Kont vye tanperati zen
Secret room, chedèv
Tounen kouzen
Na va fè yon Oufff!
Na ri san souf🙏🏾
Ou konn tande l kap rap pa vre? Ou konn wè l nan video, ou konn tande l nan kas ou.
Ebyen pa rate opòtinite vin dekouvri plis sou lavi jèn rapè a nan tout mizik ki te make lavi l.
Randevou kase pou mercredi sa a menm depi l fè 8 è pou bout 10 zè nan lanwit.
Cc: @INFO_DESIGN703
Toutan n ap tonbe sou foto ak videyo Clarens ak Clayoo sou diferan platfòm, men kisa nou konnen de yo vrèman ? Mèkredi a 8è nan Secret Room vin aprann plis de pèsonalite yo chak e dinamik bèl relasyon sa atravè yon playlist ki chaje sipriz💘🎶👩❤️👨
@clarensETclayoo
Flyers:
@INFO_DESIGN703