🆘️MESAJ ENPÒTAN🆘️
Pèp Ayisyen :
Ayiti jwenn yon okazyon,
Se pa nenpòt okazyon.
Nou p ap jwenn li ankò.
Kèk mwa avan Eleksyon.
Pa gen pi bèl okazyon pase sa.
@nayibbukele se yon okazyon :
Yon okazyon pou n chanje peyi a.
Yon okazyon pou n di non.
Yon okazyon pou n di se fini.
Yon okazyon pou sa k ap mouri mouri.
Yon okazyon pou sa ki pral nan prizon ale.
Yon okazyon pou n mete verite deyò, avili moun.
Yon okazyon pou n leve dèyè tout fo Ayisyen ki dwe kite sòl la.
Yon okazyon pou n sispann viv ak gang sou tout fòm.
Yon okazyon pou n netwaye pouvwa lejislatif la.
Yon okazyon pou n netwaye pouvwa jidisyè a.
Yon okazyon pou n netwaye lapolis la ak tout lòt kò ki kòwonpi.
Yon okazyon pou n sispann vote pou lajan, pou zanmi, pou privilèj...
Yon okazyon pou n pran kontwòl dwàn yo ak enstitisyon leta yo.
Yon okazyon pou n pran kontwòl dola ak gaz.
Yon okazyon pou n gen wout, kouran, lekòl, inivèsite, stad, pak...
Yon okazyon pou n deklanche malediksyon sou tout moun ki t ap fè peyi a mal.
Yon okazyon pou politisyen viv nan peyi a ak fanmiy yo.
Yon okazyon pou envestisman fèt nan peyi a.
Yon okazyon pou nèg nwè lib pou yo vann sa yo vle nan peyi a.
Yon okazyon pou peyi a louvri.
Yon okazyon pou peyi a modènize.
Yon okazyon pou chak grenn Ayisyen sòti nan silans.
Yon okazyon pou tout moun mete men.
Yon okazyon pou plis enèji pozitiv sikile.
Yon okazyon pou libète, egalite fwatènite a retounen.
Yon okazyon pou "l'union fait la force" la tounen aktive.
Yon okazyon pou "mourir est beau" repwodui.
Yon okazyon pou boulèt se pousyè a repete nan istwa nou ankò.
Nou fè listwa plizyè fwa deja.
Nou bezwen yon lòt istwa...
Si w konnen yo bagay di l.
Si w konnen yon sekrè lage l.
Si w te viktim sou kèlkeswa fòm pibliye l.
Si w te swete mouri pou peyi a se moman pou w fè l.
Konsa tou si w tap fè peyi a mal se moman pou w pran konsyans.
Tout pitit malere ki te pèdi tan ale lekòl epi fè inivèsite, prepare nou.
Okazyon an prezante pou pitit peyi a sèvi peyi a.
Si w pa nan peyi a, degaje w poze yon aksyon kote w ye a.
Bukele pa yon sovè: li se yon pòt, yon okazyon, yon opòtinite...
Zewo emosyon !
Zewo kè sote !
Gouvènman ki pral monte a : swa nou chanje peyi a swa nou mouri ak tout fanmiy nou. Depi se vole n ap vin vole e piye peyi a se pou maladi enkirab tonbe sou nou tout.
Ayisyen soufri deja !
Nou mouri deja !
Peyi a dwe chanje !
M deklare l sou avni m ak pouvwa Granmèt la. Amen🙏
Sou envitasyon otorite Salvador, m ap patisipe nan 2è Konferans CIED, ki reyini plizyè lidè nan rejyon an. Men misyon pa m nan bèl peyi sa a pi laj toujou: map rankontre plizyè otorite ak enstitisyon pou konprann kóman Prezidan @nayibbukele reyisi transfóme Peyi li nan 7 lane!
M renmen videyo a ! 😂
Swa se mèt chanm nan ki fè videyo a, swa moun ki fè l la vle di nou sa se vrè chemen yon jèn gason dwe pran pou l sòti tèt li.
Janm anvi gen sa m ap gade la a ! 😂