🚨ENSEKIRITE | Yon gwoup nèg ak zam anvayi mache Akayè a epi kòmanse teworize machann yo ak lòt manm nan popilasyon an, daprè prezidan konsèy minisipal la Wilner Réné. Endividi sa yo ap egzije machanm yo peye lajan pou yo ka kite yo vann nan mache a...⤵️ https://t.co/3eABZTp69S
🚨 Kenskòf : Lapolis rekipere plizyè lokalite ki te anba kontwòl bandi. Prezidan konsèy kominal la Massillon Jean, di gen plizyè bandi nan gang « Didi » ap dirije a ki tonbe pandan yo t ap boukante kout bal ak lapolis. Massillon Jean mande.... https://t.co/Rp4DTdJTEZ
🚨LANMÒ | Lantèman pwofesè Roland Docteur ki te mouri 8 septanm pase a ap chante demen maten samedi a, 9vè, nan Salon Senchal, Gonayiv. Kadav defen an ap ekspoze depi 8è nan maten. Mèt Roland Docteur, 65 lane, se papa jounalis Rolguy Docteur, Pwopriyetè medya ArtiboniteInfos.
🚨Etazini, yon sitwayen mande premye minis Alix Didier Fils-Aimé kilè l ap demisyone paske li paka dirije peyi a. Chèf Primati a site plizyè chif pou montre l ap fè yon bon travay nan tèt peyi a. @citoyendidier fè kwè kidnaping nan diminye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.
🚨FOUTBÒL | Gras ak @IsidorWilson, Seleksyon nasyonal foutbòl bat Trinidad &Tobago (3-2) , aswè jedi a, nan Sabina Park la, Jamayik. Atakan Sunderland la make gòl ki bay grenadye yo viktwa a nan dènye aksyon match la. Wilson Isidor fè 2 pas gòl tou nan match sa.
#KreyolEnfo
🚨SEKIRITE| Twa (3) bandi tonbe anba bal, jodi jedi a, pandan operasyon fòs lòd yoe ap mennen nan komin Gresye, depatman Lwès. @pnh_officiel ki konfime enfòmasyon an presize yo sezi 3 zam tou pandan operasyon sa.
🚨DYASPORA| Sèvis imigrasyon ameriken depòte, jodi a, 38 ayisyen. Konpatriyòt sa yo te debake nan ayewopò entènasyonal OKap la. Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) bay chak sitwayen sa yo yon asistans 25 000 goud, ansanm ak yon espas pou yo repoze pandan 24 èd tan avan yo ale lakay yo.
🚨LANMÒ | Sitwayen nan komin Baradè, depatman Nip, dekouvri kadav ansyen depite Dupner Clément lakay li maten jedi 24 septanm nan. Jij depè ki fè konsta legal yo konstate te gen san nan bouch ansyen palmantè a ak bò kote kadav la te blayi atè a. https://t.co/hEzoSsvRgm
🚨ELEKSYON | Men lis kandida pou pòs prezidan ki deja enskri sou sit Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou rive aswè mèkredi 23 septanm 2026 la. Dat pou kandida yo enskri epi depoze pyès yo ap bout 14 oktòb k ap vini la a.
#KreyolEnfo
🚨ESPÒ⚽| Grenadye yo deja rive nan peyi Jamayik pou prepare premye match yo nan Lig Nasyon Concacaf yo. Seleksyon nasyonal la pral twoke kòn li ak Trinidad & Tobago, 25 septanm k ap vini la a, nan Sabina Park la.
#KreyòlEnfo
🚨KILTI| Dènye film Gessica Généus reyalize a “Marie Madeleine” ranpòte Pri pi bon film nan 6e edisyon Festival film Villa Médicis, nan peyi Itali. Dram sa rakonte istwa yon pwostitiye nan vil Jakmèl ki tonbe damou yon kretyen evanjelik.
#KreyòlEnfo
🚨ENFÒMASYON| Kiba sove 17 migran ayisyen aprè 7 jou yo pase sou lanmè ap tante rantre Etazini. Migran sa yo ki te rive sou plaj Siboney, lendi pase a, te gen 14 granmoun gason, yon granmoun fanm epi yon ti gason ak yon tifi. Lakwawouj kiba te pote asistans bay konpatriyòt sa yo.
🚨JISTIS | Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a mete deyò 17 jij akoz "pwoblèm moral ak entegrite pwofesyonèl". Plizyè nan jij yo retire nan sistèm jidisyè a abitye pran lajan pou libere prizonye oubyen yo te prezante ak fo papye pou yo te ka rantre nan sistèm nan.
Lis jij yo : ⤵️
🚨JISTIS | Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ) denonse desizyon pou ale Etazini ak Félix Badio ansanm ak 17 kolobyen ki ta enplike nan asisina Prezidan Jovenel Moise yo. KSPJ a mande rèspekte ankèt ki t ap mennen Ayiti sou dosye a epi egzije endepandans lajistis nan peyi a.
🚨ENFÒMASYON | Yon kamyon sitèn ki t ap transpòte gaz chavire, aswè a, sou wout nasyonal nimewo 1 an (RN1), zòn Pilat. Yon kalaboratè nou nan zòn nan konstate gaz ki tonbe atè a reprezante yon gwo malè pandye pou zòn nan li di ki pa menm gen yon sèvis ponpye k ap fonksyone.
🚨ESPÒ | Idris Carlos Kameni, ansyen gadyen Kamewoun, pral ede David Badia nan estaf teknik k ap dirije grenadye yo. #Kameni ki te jwe nan Espanyòl Baselòn ak Malaga, pral antrene gadyen nan seleksyon nasyonal la. Kamewounè a di li swete leve anpil gwo defi ak Ayiti.
#KreyolEnfo
🚨#ELEKYON | Michel Martelly enskri kòm kandida pou pòs prezidan anba banyè DEBLOKE . Ansyen Prezidan an prevwa depoze pyès li nan BED Lwès I an nan jou k ap vini la yo⤵️ https://t.co/V1jpOO4WPr
🚨ELEKSYON | 7 kandida pou pòs prezidan deja enskri sou sit @cep_haiti a. Genyen tou 162 kandida ki deja enskri pou senatè epi 419 pou pòs depite, daprè enfòmasyon ki soti nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Dat pou kandida yo enskri epi depoze pyès yo ap bout 14 oktòb 2026.
Nouyòk : Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre dyaspora a epi onore atis Carole Demesmin. Li fè kwè sekirite se premye priyorite gouvènman l ap dirije a genyen pou Ayiti nan moman an. https://t.co/nBclY10ZJ0