La population n’a pas choisi les conseillers présidentiels. Ils n’ont pas fait l’objet d’une convocation aux urnes. De leur sort, la population s’en fout royalement.
Vye moun matant travèse loseyan pou al pran yon rezilta men sòl medikal ak li. Anpil fwa nou fè ti kò nou piti pou akomode moun nou vle kenbe nan lavi nou, chèche eskiz, kache fèy kouvri sa, menm bliye tèt nou, alaverite anpil fwa si moun yo te vle yo ta va fè sa yo gen pou fè!
Matant ou tounen sou twal la? Non! Se yon vizit koutwazi esmòl esmòl!
Pou valè nonsans mwen wè ant politisyen ak nouvèl anjeneral mwen wè la tansyon an ka rejete m ankò tankou yon fèy bwa si m tounen bò isit la!
Kathia Verdieu di sitiyasyon peyi a amelyore. Gérald Gilles di sitiyasyon peyi a amelyore. Didier Fils-Aimé di sitiyasyon peyi a amelyore. Men si youn nan yo ta gen yon ti vant fèmal la, se katapkatap la y ap kouri fè vole epi mande vwazen otorizasyon pou vizit medikal!
@Phitosh1 Si pèsonn pa mete pye nan yon biznis, oswa yo bòykote l gen plis ke 50 pousa chans nan yon pil ou fas pou mèt li ranmase men li se sa yo rele “la régulation par les mécanismes systémiques”. Konsomatè yo pa vle wè tèt yo tankou yon fòs.
Kapasite nou genyen pou nou aksepte medyokrite ak kondisyon ki pa nòmal se yon bagay ekstrawòdinè. Depi gen demann ap gen òf. Depi gen kondisyon pou yon bagay ap gen moun ki pou vann li. Konsomatè a dikte lwa mache a nan mete estanda sou kisa l ap aksepte oswa rejte!
Pandan n pap bliye “les mimis du passé” yo fòk nou voye je nou sou 9 mimi ak 18 sourit ki ap fini ak ti rès sa k te ka karakterize Leta a. Bon lajounen.
Gon laj ou rive bouch ou pou ou, dada w pou lapolis. Anpil moun chita sou privilèj yo ap mande jèn ki nan peyi Dayiti kote pi gran sant ospitalye Leta a fèmen, pa gen yon sèl newològ sou tout zile a, yon sèl bon sant twomatoloji se zanmi lasante, pou kanpe pou batay pou Ayiti?
@folifou84 Pasasyon mache se CNMP ki okipe sa. Gen yon seksyon pou chak ministè ki travay dirèk dirèk ak Minstè Finans/ DAAB epi chak ADM Ministè. Dwa administratif si yon moun gen yon minimòm li ka rale manyèl Enex Jean-Charles la. Enkonpetan rete Enkonpetan nan planifye ak angaje Leta!
Kounia la w ta di Madam Laminis lan pa nan plas li yo pral di w se lajenès. Administrasyon Leta ak konprann jan l fonksyone se pa sou Tiki Tòk w aprann sa, se lekòl pou w ale. Ke w vle l, ke w pa vle l sinon w ap desann pantalèt ou granm jounen nan figi moun!
@folifou84 Poukisa? Paske yon bwat leta pa fonksyone menm jan ak yon bwat prive. Fonksyon regalyen leta yo fòk ou ka konprann yo pou w administre bwat pa w la. Si w pa konn planifikasyon leta ou pap menm konnen kilè direktè jeneral ou, Administratè ou ap voye vant yo sou yon dosye.
@folifou84 Nan peyi k ap fonksyone ou pase Lekòl Nasyonal Administrasyon piblik oswa ou kòmanse nan yon sèvis piblik kèlkonk sa ki pral ba w baz pou w konprann
Leta. Se pa paske se yon fonksyon politik pou n bliye yon minis se yon òdonatè denye piblik ki dwe gen yon nosyon administrasyon!