Ready rete youn nan pi bèl album ki soti pou ane 2025 lan.
Pi gwo hit album nan , se Ou Banm Lanmou.
Lè Teddy te soti ak album Ready an 2025, anpil moun te kritike chwa li te fè pou mete Rutshelle kòm featuring sou youn nan mizik yo. Gen moun ki te menm eseye fè kwè mizik la pa t ap ateri, malgre album nan te deja soti.
Men yon atis rete yon atis.
Teddy te kwè nan Rutshelle. Li te konnen pwa vwa li, enèji li ak sa li te kapab pote sou zèv la. Li te rete fidèl ak vizyon atistik li, malgre bri ki te fèt alantou chwa a.
Jodi a, album nan bèl, li gen bèl chif, epi “Ou Banm Lanmou” rete youn nan pi gwo hit sou album nan, ak plis pase 14M views sou YouTube Music.
Sa se youn nan leson lè w se yon atis: se pa opinyon tout moun ki dwe gide chwa ou. Se ou menm ki dwe defini vizyon atistik ou epi kwè nan li.
Felisitasyon Teddy & Rutshelle. 👏🏾❤️
Randevou a kase pou lòt bèl mizik toujou! 🎶🔥
Pi gwo chif 12 Era a sou youtube Music
Tolere’w : 40 M
Can’t get over you : 13 M
Ou Mechan : 8.6 M
Map pase sou yo ankò , jou konsè a ak jou kap fè album nan yon lane .
Nou tout ka remake jan mache mizik la ap chanje, e sa ap fèt nan tout kwen mond lan.
Mizik yo vin pi kout, tandans yo chanje pi vit, e jodi a, se pa sèlman kalite yon zèv ki konte. Maketing, estrateji ak fason ou prezante epi vann zèv ou a jwe yon gwo wòl nan konbyen tan li ka rete vivan nan mache a.
Malgre tout chanjman sa yo, 12 ERA rete youn nan albòm ki montre plis rezistans nan mache mizik pa nou an. Mizik yo pa t kouri dèyè bri pou kèk semèn sèlman; yo kontinye ap fè wout yo, ap touche moun, ap jwe, ap pale ak piblik la pandan tout ane a.
Lè yon atis chita, li mete nanm li, eksperyans li ak travay li nan yon zèv, ou ka pa renmen atis la, ou ka pa dakò ak li, men ou pap ka anpeche zèv la fè wout li.
12 ERA se yon senbòl travay, konsistans ak pèsistans.
Kèlkeswa bri ki ka fèt alantou ou, lè ou travay di, lè ou kwè nan sa w ap fè epi ou rete konsistan, rezilta yo ap toujou jwenn yon fason pou pale pou ou.
Travay la ap pale. Zèv la ap fè wout li. ❤️
Doudou voye je w pou wè m
M la pou ou, pa fè sanblan
Si ou vle menm jan avè m
Nou ka fè kè n kontan
Si w di wi, nou gentan la
Cheri, m ap tou ba ou l la
Pa vin dodine, ou deja wè
Se ou m vle, se sou ou m ye 🎼 🎶
M anvi kouri, kote m pral kache?
Kou m tande vwa l, kè m deraye
Se pa premye fwa m damou (non)
Se pa foli, ni dwog, m pa sou
Jan l kontwole lespri m, li anvayi m
oh-oh
https://t.co/jA2Arqog2J
Jocelyne eskel te toujou konsa
La vi pou Nou menm fanm nwa
Kisa w pat fè
Kisaw tap fè nan plas mwen
Sak te kon fè moun ret soude
Ki te fasilite vi a 2
Sak fèl chanje kounye a son bann pa serye
Eskew te jwenn youn ki dous kon siwo vré
Ki te kole sere avew ki pat lagew
Ki te konn Jan pou l tretew
Aji sanl pa imilyew
Banm Ti sekrè dim ki mannyè sa poum fè🎤🎤🎤🎤🎤
De ti pitit kite m kriye a ak sipèsta 12 Era , De RG ak RGBand
12 lane lanmou, 12 lane prime
12 lane sa se pa chans se travay disiplin nan 5 dènye ane yo la RGband grandi Devan n lan si w s on vrè Rebèl ou dwe la pou w viv Rutshelle nan tout grandè li
https://t.co/2m8CnssoX7
Pandan 12+ lane, @rutshelle defye obstak, tonbe, leve, epi vin tankou yon wozo menm pi gwo van pa ka lage atè.
Kounya, se moman pou selebre legacy li. Step 1: 11 Oktòb, Boston.
Pran 🎟️ KOUNYE A sou https://t.co/8S4MpGrghB. Bout videyo pap janm ranplase emosyon sa: ou dwe la!
Moun Boston yo , nou pa janm vle mwen jwenn anyen Miami
Montrem pouvwa nou 💪🏾💪🏾, montre pouvwa nou, Jann pi bon ke piblik Miami an vre ,
Fèm wè nou moun Boston 🧡🧡🧡🧡🧡