Eskew te konne gen nèg ki baw chokola yè gwo sakrifis li te fè. Donk mwen espere pandanw tap pran plezi a ou te pwoteje tèt ou. Misye paka okipe timoun non. Fè kòm siw pat konn sa. Male....
14 Février se yon jou tankou tout jou nan ane a. Diferans ant se ak 13 sèke yè te 13 jodia 14. Zafèw siw atrisite paske yo pa baw chokola ak flè. Depiw gen gaz ou chabon 500 goud ap baw bon ti chokola byen pwès santi bon, ak pen ankò wi soupl. Pa fòse anyen pou yon senp foli.
Koze razè a pa dous menm
Yon tripotay rele nèg la li dil vinim fèw kenbe menaj ou kap twonpew, nèg la anvi al kenbe mennaj la men misye pagen kòb taksi. Map gade misye kap kriye laa bagay la fèm mal....
Ane 2025 mw pèdi anpil zanmi. Zanmi sayo se moun mw vann kredi lèm mande lajan yo ennmi avèm. Se moun mw prete kòb lèm mande yo li yo ennemi avèm. SVP mw renmenw anpil mw pavle pèdiw kòm zanmim. Pou amitye a rete wap rann 2 sèvis.
1 Pa mandem kredi
2 pa mandem prete
Bòn ane
Ane 2025 lan anpil zanmiw ak fanmiw te souwetew siksè, dolarite, elatriye. E anpil nan yo te fè swè yo ak tout kè yo.
Dezole siw pat regle anyen ki serye vre se pa fòt yo. Se petèt yo ki te fèw swè yo men ou menm ou pat ofri tèt ou anyen. Ou se premye moun ki dwe fè tèt swè yo.
La diction est importante
Imagine on te demande de prononcer ce nom " Carle Ébram Chery"
En absence d'une bonne articulation, ce serait catastrophique.
Apprends à te débrouiller tout seul sinon, tu risquerais de détester les gens pour rien. Car chaque personne à ses problèmes.
"Siw pa konprann fransè yo diw frenk bay dèyèw 2 tap, chache lavi" ougen men, ou gen pye ou kapab eseye pouw wè.
"Kitem motivew"
"Ray le poète"
Ou dwe aksepte jodia pou demenw sal, yon fason pou demenw pas sal.
Pito se nan redi ak lavi ou sal devanw, kew al bay yon enpav initil sal devanw.
Pito se nan batay pou demenw miyò ou bay sanw kew kite yon enpav fèw pawè sanw...
Pran sanw pouw li pouw konprann
"Ray le poète"
Moral yon ewo pap janm desann a zewo.
Pale ak tout moun, pa imilye pèsòn, men plis fokis sou moun ki kwè nan rèv ou. Moun kap ankourajew avanse. Moun ki pap minimizew.
"Bonne semaine pa bliye benyen tanpri zanmim santew se priorité ou lol"
Se pa nan bouch mwen wap konnen "machann kamyon dlo, machann dlo basen, machann savon, machann pat, machann chanpou, lesivyè" moun sayo ap trè mal pase nan moman saa.
" Timoun li, granmoun kanprann "
Ou tap gentan rive pi lwen siw te fokis sou moun ki kwè nan fòs ou.
Antouraj konn koz ou an rete.
Enèjiw soti nan frekantasyonw
Ou bezwen tout moun men chak moun gen enpòtans pa yo
Gen de wout krazew pral fè zanmi ki gen pikwa a pap ka edew wap bezwen yon zanmi ki gen traktè.
Pigwo erè yon jenn gason ka fè se lèw finn prepare avniw nan tout sans epiw al damou yon jenn fanm san rèv ki sou trip. Se pigwo erè yon jenn fanm kafè tou se lèw finn goumen ak tèt ou ,fè etid, epi foli plezi fèw al kite yon malendren san vizyon gwòs ou.
Ou ka regrèt tout viw.
Ou te mèt dim pa eklere, dim saw vle Men pap lage 1100 dola vèt ki ekivo a 150 000 gds nan yon IPhone 17.
Menm si yo ta fèm kado youn map vann li poum achte machandiz. Mw pap kritew ki fòse achte youn,se viw men gen yon iPhone 📱 17 epiw tj ap pran ti moto 3 wou a du anpil 😆
Tout tandew tande mwen pa pale anglais a depim tande mo sayo mwen konprann rapid. " I Want to be rich. I like monney. I like Business. I work hard every day. Mo sayo se mom te plus renmen lèm te lelòl.
Lèyo kritikew pou sak négatif lakay ou se pa fache pouw fache se efò pouw fè pouw chanje sa. Nou se bon moun, nou renmen moun, nou renmen lekòl, nou renmen fè biznis. Mw bat bravo pounou nan pati sayo.
Men lakay ou sal anpil vre wi. Sèl ti boulva ki miyò. Pa fache li sal vre
Nan gaspiye tanw ak moun ki pa konn valèw sa konn fèw pèdi nan moun ki admirew yo. Nan pedi tanw ak yon moun ki wèw tankou krizokal ou konn pèdi yon moun ki wèw tankou lò. Aprann fokis sou sanblab ou, sispann fikse jew sou yon moun menm lèl mete vè li pajanm wèw byen devan jel.
Menm siw paka bwè yon byè men toujou kenbe prestij ou.
Avanw sou estime tèt ou verifye papyew yo. Ou yon boul lò
Avanw abandone mande yon moun kap avanse kijan wout li teye.
Pasyans ak detèminasyon se fòs motris chimen siksè.
Chaje moun sou rezo yo ki bay tèt yo non motivatè, enfliyansè,chita chak tan fè jèn peye mil goud al tande yo kap blabla di oh ou ka rich depiw fè sesi, depiw fè sela.. moun kap pale nan menm nivo ekonomik avèw. Se opòtine pounou kreye bay jèn yo, se Pratik pounou fè. Feyo vann