@billyliveshow Ki plezi ki genyen nan separasyon 2 moun ki te ansanm?
Nou dwe kanpe ak bagay sansasyon sa.
Si madanm Trouble Boy kitel, sa pa yon sijè de kontantman ou de sansasyon.
@OlftonOB@billyliveshow sa yo se vye naratif nap kreye, m sonje te gen naratif sa do Pipo Klass.
Yon chantè misyon li se chante tan mye si li ka bay plis ke sa, men si li ka delivwe sa lap chante yo se sou sa pou nou jijel. Nou dwe koupe kout ak naratif sa.
@billyliveshow Mesye admet nou pap prepare pou interview anfas misye
Li klè misye pase chifon an paske nou pat prepare m te di nou sa klè Caleb pa piti
@djxtacy904 Pa gen bagay ki enèvem konsa, nou bay anpil atis dimansyon ke yo menm pa bay tèt yo.
Se rezon sa tou ki fè se slogan la ri a yo pwan koulya pou fè mizik wi.
An pasan m te renmen kozri ou te gen nan Anflannè a, pawol sa yo pa gen anpil moun kap pale ankò.
@OlftonOB Brother ou fin releye yon information ki se yon verite Sa rete la.
Ou pwan bagay la trop pèsonèl, pati paw la ou fèl. Madan Pedro te gen chans fè Pedro peye pou sal fè an kolabowan ak la police li pat fèl.
@meotech1 San chèchè:
Pa gen inovasyon
Pa gen sistèm pou manadjè jere
Pa gen pwodwi pou biznis vann
Biznis kapitalize sou sa rechèch kreye. Mache a peye pwofi rapid, sosyete a bezwen solisyon ki dire.
Fè yon ti kanpe sou briganday ou a.
@meotech1 Meo m panse yon moun dwe di w sa yo, m tandew souvan nan space kap kleyonnen teyori lekòl pa vo anyen, men tande:
Wi, jodi a gen manadjè ak biznisman k ap fè plis lajan pase doktè, avoka, enjenyè…
Men lajan ≠ enpak reyèl sou limanite.
@meotech1 Chèchè yo pa moun ki fè plis lajan Men se yo menm ki rezoud pi gwo pwoblèm:
Vaksen, medikaman, tretman → soti nan rechèch
Entènèt, GPS, AI, teknoloji → soti nan rechèch
Agrikilti modèn, enèji, klima → soti nan rechèch