M te vle ajoute yon bagay diferan sou Ado Ado, Yon espas kote w pa sèlman vini pou w li oubyen dekouvri yon enfòmasyon, men kote w ka teste tèt ou tou.
Se konsa ide ADO QUIZ te vini sa gen 2 mwa
🌐 https://t.co/ukNekfaII0
Pou kòmanse, m mete plis pase 600 kesyon ladan l (an atandan😉), sou Ayiti🇭🇹, kilti jeneral 🌐, mizik 🎵, espò ⚽, teknoloji 💻 ak syans 🔬. Gen kesyon ki ase senp, e gen lòt k ap fè w rete gad ekran pandan kèk segond😅.
Ou ka jwe l nan fòma Nòmal lan oubyen pran risk ou an bon Ekspè🔥. Chak pati ba w 10 kesyon o aza, ak yon tan limite pou w gentan reponn, ou ka fè streak, ranmase XP, epi retounen jwe san w pa toujou tonbe sou menm kesyon yo.
Kòm nou konnen deja Ado Ado pa limite ak yon sèl lang, ADO QUIZ ap disponib nan 14 lang tou. ☺️🌍
Se premye vèsyon an ADO QUIZ 1.0, Gen anpil lòt bagay mwen deja gen nan tèt mwen pou li, men m te vle kòmanse ak yon bagay ki senp: aprann, teste sa n konnen, epi pran yon ti plezi pandan n ap fè sa😉
M kreye yon kont X espesyalman pou li, se la n pral jwenn tout Update ki pral genyen yo, pa neglije swiv li : @ADOQUIZHT