@Hyppo_1000Goud Oupito al pase mizè RD kèw pran l la nan men youri, kote n ap ka fè menm sa nou te konn ap fè RD a san papye, san kè sote nou pap gen pou n kouri pou imigrasyon.
Fèt manman kòmanse depi 1er janvye pou fini 31 desanm, yo aksepte soufri pou yo ka wè bonè'n, yo fè bezwen nou pase anvan pa yo, yo ofri nou sa yo pat janm jwenn.
En vrai, moun sa yo trò presye pou yo ta fete( jwenn lanmou) yon sèl grenn jou nan tout yon ane,yo merite plis ke sa.
Mwen konnen gen anpil moun kap poste manman yo sou tout rezo sosyal jodi a, pou fè lot moun kwè a ki pwen li konte,puis fè konprann kòman yo renmen l, men an reyalite yo pap menm di'l bonne fête diran jounen an, alevwa pou yo ta fè yon aksyon ki fè kèl kontan, yo pa merite sa!
@banmedew Paske gen yon pakèt moun ki toujou panse depi ou ka pale yon lang etranjè, ou se yon moun ki byen edike osinon byen fòme pousa, poutan yon moun ka pale plis pase 7 lang epi li toujou rete yon moun ki sòt, mwen swete nou leve nivo a.
Nan zòn bò lakay mwen tout moun oblije gen de (2) sim, natcom pou lè digicel pa bon, eh digicel pou lè natcom pa bon, eh a tout sa, pafwa nou konn anvi gen yon twazyèm.😥