En cette Journée internationale des droits des femmes, il nous impose à AKAP de rappeler que l’equité n’est pas un slogan, mais un engagement, une prérogative.
Respecter, protéger et promouvoir les droits des femmes, c’est construire une société pour tous.
Se avèk anpil kè kontan AKAP anonse aktivite 18 novanm li an reyisi jan sa te prevwa.
Nou te ini vwa n pou n pote yon pawòl nanm ak kouraj, nou te pote lespri Vetyè a vivan pou jenerasyon jodi a.
Nou se jenerasyon ki p ap bese tèt. Ki di ase se ase.
RADYOGRAFI, se yon pwezi ki mete reyalite Ayiti toutouni pandan 5 dènye lane yo. Chak mo se temwayaj yon pèp k ap soufri, chak tèks mete limye sou yon reyalite ki fè n kriye osnon rejwi..
Vin pran pa w la, nan dat k ap 18 Novanm lan...
Nan moman difisil sa yo, kote move tan ap frape anpil zòn nan peyi a, AKAP swete tout pitit peyi a pridans, kouraj ak solidarite.
Ann pran swen tèt nou, fanmi nou, ak vwazen nou.
Malgre lapli ak van, lespwa pa dwe fennen.
Se ansanm n ap gen viktwa.
En l’abattant, ils ont cru éteindre la vision de Dessalines. Mais sa flamme brûle encore dans chaque regard qui refuse l’humiliation et rêve d’une Haïti prospère et souveraine. À AKAP, nous jurons de poursuivre son combat pour la justice sociale, la dignité nationale...
Jounen Jodi a 4 eleman majè domine AYITI: ensekirite, chomaj, eksklizyon ak dominasyon.
Sa montre ki jan moun kigen responsabilite yo trayi peyi a.
AKAP ap raple tout ayisyen viv ak diyite pa dwe yon favè men seyon dwa . Prensip sayo ap respekte nan batay li mennen chak Jou.
Nous pensons à toutes les familles dans le département du Sud dont les maisons ont été inondées et qui ont déjà subi de lourdes pertes. Face à ces moments difficiles, AKAP vous envoie tout son soutien et sa solidarité.
Restez vigilants!
Ensemble, nous surmonterons ces épreuves.
À la commémoration de la naissance de l’Empereur Jacques Ier, AKAP choisit la voie de Dessalines : briser la soumission, combattre l’injustice et reconquérir l’indépendance trahie par les élites.
#justice#progrès
AKAP denonse ak tout fòs masak nan Labodrie/Akayè!
Se yon krim kont pèp ayisyen an, se prèv ki montre Leta lage n nan men gang. Lè yon peyi pa ka pwoteje pitit li, se nasyon an ki anba menas disparisyon.
Nou di ase! Nou mande jistis, sekirite, ak yon sistèm ki respekte lavi moun.
Depi 1804, lit pèp Ayisyen an se te pou libète ak diyite. Jodi a ankò, AKAP pran flanbo a pou jistis sosya l: Pou yon peyi kote richès, opòtinite ak respè pataje pou tout moun.
#JistisSosyal#AKAP
Jodi a, jèn nan peyi Nepal leve kanpe pou denonse koripsyon ak enjisitis, yo pran lari pou fòse chanjman. Sa yo sebon ekzanp pou jenès Ayisyen an.
Nou gen kouraj, nou gen pouvwa pou n fè Ayiti chanje. Pa gen okenn sistèm ki pi fò pase yon jenerasyon ki leve kanpe pou diyite l.
Yon ane deja, yon flanm limyè ap pote klète nan Sosyete a.
AKSYON POU AYITI KAPAB (AKAP) salye ak respè gwo travay ekip AGORA ap reyalize.
Nou swete limyè sa a kontinye liminen, pou klere wout Sosyete a, pou limen lespwa, epi ranfòse batay pou yon demen miyò.
soti 1er pou rive 19 Septanm, AKSYON POU AYITI KAPAB lanse kanpay rekritman nan Lwès. Se yon apèl pou tout patriyòt ki bouke ak trayizon, ki kwè Ayiti merite diyite. Vin akte nan konplo pozitif la. Ayiti pa gen tan pou l tann ankò.
Jwenn lyen enskripsyon an sou paj nou yo.
Ayisyen ki pa gen peyi derechanj yo, k ap viv nan malsite kote vyolans fizik ak ekonomik bwote tout sa n posede yo. Jenès la, ki pa rete yon ti lòsyè lespwa. AKAP ap raple n se nou ki plis viktim, kidonk se nou ki pou goumen pou yon lòt sosyete kote moun ka viv ak diyite.
Malgre trayizon istorik ki toupizi peyi a, men espwa pa janm mouri.
AKAP se repons vivan kont trayizon sa a. Nou kwè lapè ak diyite ka retabli, ese sou wòch jistis sosyal, entegrasyon ak pwogrè sosyal.
Se dwe batay chak patriyòt ki kwè Ayiti merite leve kanpe ankò.
🎉 Hier, nous avons célébré l’anniversaire de l’AKAP !*
Une année de plus à bâtir, réfléchir, agir et rêver ensemble pour un avenir plus juste et inclusif.
Merci à toutes celles et ceux qui marchent à nos côtés.Ce n’est que le début !#AnniversaireAKAP#Engagement#Inclusion
Rendez-vous ce vendredi 22 août de 12h30 à 14h30 sur RTVC 94.5 FM dans l’émission AGORA avec George Allen.Une délégation de l’AKAP interviendra sur le thème :« De l’exclusion historique à la quête d’inclusion : quel projet pour l’avenir selon la vision d’AKAP ? »
Ne manquez pas!
Nou kontan anonse egzistans paj X AKAP,yon òganizasyon ki angaje l nan batay pou Jistis Sosyal, Entegrasyon Sosyal ak Pwogrè Sosyal nan tout peyi a.AKAP se vwa sila yo ki nan soufrans tout kalte,rèv yo meprize,ak diyite yo neglije.Nou kwè nan yon Ayiti kote tout moun konte !