Edike moun yo pou yo konn kilès yo ye souple, kote yo soti, kilès ki lènmi yo.
Si yo edike blan pap kapab, laboujwazi rafinè pap kapab, asasen lasalin pap kapab, plezi-dan, sen-atè, de-pil-tè machòkèt pap kapab foure yo nan...
Enben se pou sa lekòl la pa ayisyen.
- Mete leta boujwa deyò
fòk leta vin popilè epi pou l pa rèstavèk laboujwazi.
- Fòk yon boujwazi nasyonalis wè sole, twòp blan ki pa konsène pran kontwòl isit la. Yo pap kreye, se achte tenten tout pri tout kote, revann isit la. Konbyen mak ayisyen ki sou mache a ?
Jezikris te kale epi mete deyò nèg ak fanm ki t ap fè gagòt nan yon tanp, epi pouki 2, 3 vòlè bloke yon peyi, si n mande kale yo, epi mete yo deyò, ou di n chimè. Nou pito ale mouri nan lanmè olye nou goumen, pou sa k ap vini yo jwenn espas la òganize.
Minustah te sou fòm poud, yo mete l sou fòm ji.
(Minujusth)
Okipasyon pirèd
Kayte gouvènman sou lafòm.
Nou lèd mesye kòm granmoun!
M fyè paske m se ayisyen, men m pa fyè viv nan menm epòk ak nèg sa yo m ap gad la.
#EpòkLaBayDepi
Fòk Jovenel konprann yon grenn bagay. Sa l t ap eseye di yo se afè pa l yo ye. Pèp la gen afè pa li tou.
Tankou li koudeta pa fèt pou li. Mouri sou pouvwa pa fèt pou li. Destitisyon, jijman, prizon pa pou li
Ala salmanaza
Blan ak boujwa pa manke pa mete w alèz konpè.
#EnkilpeA
Leta ilegal
Leta malfektè
Leta kanibal
Sa k fòme l ?
Se yon sèl fanmi
Boujwa vòlè, blan vòlè, politisyen vòlè.
Sa n dwe fè
N ap ale Chili oubyen n ap chavire l?
ann chavire l pito non
se pou nou isit la ye
#MachePranl
Chita fè vyolans sou yon pèp
leta boujwa
Men sonje kouri
sonje bouke
Hilarion m ye a pap neglije repete 7 jiyè anba je w toutotan l poko jwenn bout ou
pou l demachwere w nèt
Pè pou pè
ou menm k ap pè
leta ilegal
leta amatè
ti gwoup malfektè
Lè malè w m ap tann la
#MachePranl
Pa gen moun
Pòs yo vid
Pa gen moun
Zonbi deyò
Medyòk mete medyòk panse
Panse pou panse tèt kase
Se sak fè pa gen moun
Pete kouri
Yo mete yo
Pete kouri
Retire yo
Pa gen moun
Moun demounize
Mete yo
Bwase yo
Pap gen youn
#Apollon