Cap-Vert a marqué 2 buts et a pris un point face à l’Uruguay, mais moi je devrais me satisfaire de mon pays de merde parce qu’on a simplement fait acte de présence au Mondial ?
Ekip Cape Verde 🇨🇻 la pwouve klèman, nou dwe kontinye mande revokasyon Migné, misye son ti coach ki gen foli fè estil sou Ayisyen, men l pa gen anyen kòm kontni! 🫣🤦♂️
M pat janm mete nan tèt mwen Ayiti pral fini premye nan gwoup la ni al chanpyon Mondyal. Men m te swete wè yon ekip konpetitif, ki make listwa nan fè gòl ak pran pwen nan tounwa a.
Aprè 2 match, nou deja elimine epi yon antrenè ap fèm konprann li nòmal, paske m pat jwe konpetisyon an depi 52 lane.
E Cap Vert ak Curaçao k ap patisipe pou premye fwa a ? Nou gen plizyè jwè k ap evolye nan pi wo nivo ke yo wi.
Kot anbisyon pa nou menm ?
M swete nou — Ayisyen — pa konpare tèt nou ak okenn lòt “ti ekip” k ap jwe Mondyal sa.
Yo gen misyon vin byen reprezante, fè gòl ak pran pwen alòske nou menm, misyon pa nou te deja akonpli depi lè nou kalifye a selon pawòl pwofesè Migné.
Migne te pè jwe tèt pou tèt ak Brezil malgre li gen eleman nan menl.
Jodi coach Cape Verde 🇨🇻 jwe 4-1-4-1 yon 4-5-1 lè lap defann
Lèl pran gol li fè liy 4 mitan teren a Monte pi wo.
Se sa mwen renmen lakay Coach, li pa Chita ap konstate dega men pito lap analize pou eksplwate fay advèsè a.
Aprè mwen fin tande Romain Molina sou dosye Migné ki te deja mande pou ajanl tcheke lòt ekip pou li avan mondyal la.
Mwen pral retounen siyen Petisyon an fòk Migné aleeeee
#Mignéout#Mignéout
Migné pran yon ekip li konstwi l,li mennen l nan koup mondyal miche te gentan tout pa bon sa,misye Kanpe yon fòmasyon jwè yo pa respekte fòmasyon osi senp ke sa.
Nan vle pale Migné mal nou vle fè konprann kalifikasyon an te otomatik paske Mondyal la pase a 48 ekip e CONCACAF gen plis plas! e poutan Plizyè seleksyon ki gen plis mwayen pase Ayiti pa rive kalifye.
🇨🇼 Curaçao bay Almay gòl epi l fè nil ak Ecuador
🇨🇻 Cap Vert fè 0-0 ak Espay
🇨🇩 Congo fè 1-1 ak Portugal
Men paske Ayiti kalifye pou Mondyal pou premye fwa depi 52 lane, m dwe satisfè 🤨
#Alakozepapa#WorldCup2026#Haiti
Très déçu du résultat d’hier…
Dur à encaisser et à accepter mais, surtout, grosse pensée aux fans qui nous ont apportés leur soutien.
Quoi qu’il arrive, on se battra jusqu’au bout pour ce drapeau 🇭🇹
#WI18