Presse = medya : ansanm jounal, radyo, televizyon ak lòt mwayen ki bay enfòmasyon bay piblik la.
Presse = aksyon peze : lè yon moun oswa yon bagay ap fè presyon sou yon lòt bagay.
Presse Haiti se aksyon prese moun pou jwenn avantaj men pa pou bay enfo.
Pi gro lide Pwojè Ayiti konnen te vini nan ane 1949-1950 ak Prezidan ESTIME ki se baraj Pelig. Aprè projè sa, pa gen okenn Prezidan ki janm vini ak yon gro lide pou devlope peyi a. Tout sak vini aprè yo antre pòv, yo soti rich...
Istwa pwouve depi yon dirijan ap laloz poul fè plis tan sou pouvwa san rezilta yo toujou swa : Mouri, ekzike, imilye. Men sila yo ki jis fè djòb la soti ak yon minimòm diyite, Ekzanp : Pascal Trouillot, Boniface, Latortue, Jocelerme Privert. M konprann se bay rezilta ki pi bon.
Istwa resan pwouve depi yon dirijan ap planifye poul fè plis tan sou pouvwa, swa li : mouri, ekzile, imilye. Men sila ki jis fè travay soti ak yon mnimòm diyite0
Jiska prezan, se Politichyen yo ki echwe. Jèn fanm ak gason peyi m, gen espwa toujou. Nou ap briye nan foutbòl, boks ekt. Nou fèK chanpyon an afrik, Frans ak Kanada. Bravo ak sila yo. Sa ki pwouve #QI nou trè elve. Nou bezwen pran responsabilite nou pou chanje Ayiti.
Dans un monde où l’education et la science constituent les principaux vecteurs de progrès et d’efficacité, les autorités de mon pays prétendent assurer la sécurité en recourant à des méthodes héritées de 1804 : c’est une honte.
Lorsque votre Boss sanctionne ses anciens employés, qu’il vous place à la tête de l’entreprise et que vous rassemblez autour de vous la majirité de ces anciens employés pour partager le privilèges, cela ne restera pas sans conséquences ; tes jours sont comptés malheureusement.
Après avoir signé le pacte, j'espère que nul affrontement ne survienne dans le parc, car tous les animaux du parc ne disposent pas d’une force égale : les uns se rassasieront abondamment, tandis que d'autres devront se contenter de respirer seulement l’odeur de la nourriture.
Lè Politichyen Ayisyen tap di manda #Jovenel fini, yo te baze sou atik 134.2 #Const_Amandée a. Kounya yo bezwen mete Prezidan pa yo ki soti nan #C_Cassation, menm Politichyen sa yo mande aplike atik 149 Const. ki pa amandée a. Yo enkoyeran, yo visye, yo sanwont..
Ayisyen ki natiralize yo, kite manje sa yo an pè pou nou souple : Diri sòs pwa legim, mayi sòs pwa legim, diri kole ak pwa, tonmtonm, pate aransò, Spageti ayisyen, griyo, sòs kabrit a kalalou...ekt. Raplase yo pa : Burger, Turkey, Tourtière, Poutine, Pancakes, Pizza..ekt lolll
Album @rutshelle la vrèman bèl, men se pou vrè melomàn. M just trouve li gen tròp mizik nan menm rejis gouyad la, sa ki ap fè mizik yo ap pran tan pou yo ateri. Li te ka plis divèsifye. piyanis #J_Keys fè 9/10 nan album sa...Bravo
Papa w mouri kite pil richès pou ou, ou detwi tout, ou pa fè okenn progrè. Kou yo pale w de eta w, ou fyè pouw di ooo papaw te yon gran don, kisaw fè ou menm? Se konsa m konprann deklarasyon @etzeremile lan. Se peyi a poun chanje, vòlò poun kite bann chat...
Gen 3 fason yon pèsonaj piblik ka fè yon diskou : avèk yon sipò (papye ou elektronik) ; aprann li; enprovize avèk èd kèk pwen . #Bedgine fè yn #Ti_diskou e Li respekte Youn Nan 3 fason yo, yo vle manjel. Sa pwouve, #Bedgine devan lòt Medam HMI yo Nan chante .#Bedgine vs rès yo.
#Oligak se fòm pouvwa Kap dirije pa yon ti group ki soti Nan Menm klas. #Oligak_kòwonpi, vle di gwoup sa Kap dirije a Nan kòripsyon. Ou pat trouve sa biza pou se yon #Chef_leta Kap repete pawòl sa? Epi ou Jwenn jounalis Kap repete malpwopte sa jiskounya. Relil siw pa konprann...
Leta Ayisyen siyen yon kontra ak yon gro konpayi sekirite nan USA pou vin elimine nèg kap bay problèm yo, e yo ta dwe vini byen vit daprè jounal @New_York_Times
Pandan yo ap trete nou peyi pòv, yo tout, nan yon fason ou yon lòt te dechèpiye nou, swa nan fè n peye yo gro lajan, swa nan pran lò nou ak richès nou. Lafrans, Lespay, Etazini, Almay, Angletè..tout merite repare tò yo fè AYITI....
M resi jwenn yon mizik hit(popilè) sou dènye album #Klass la, mizik ki di : " Sa nou wè la, poko anyen. Sa nap gad la, poko anyen". Pou prèv, nan dènye bal M2 a, piblik la te pwouve li konnenl e chantel plis e pi byen pase tout lòt mizik sou album lan...lollllllll
Youn nan mizisyen ayisyen m konnen ki ka fè yon mizik e jwe tout enstriman yo sof pati kwiv la, menm jan #Mikaben te konn fèl tou. #Dener Merite, respè, lanmou pou sa lap regle nan koze mizik. Ou se yon nouvo souf pou koze mizik Ayisyèn... Bon rekòt lavi Maestro
Bravo #Bedgine_Kadilak, nou pwouve nou konprann sa ki rele music la. Chapo ba pou #Kadilak ki ekri 15/16 music sou album lan, malgre gen 11 lòt music ki rete pou lòt album. Text #Kadilak yo toujou gen yon bon mesaj. Ou pwouve ou se #Mesaje a. Bravo.
Si yon #Kenyan kraze machin ou, gròs ou pa okipel, touyew, rachew, bat ou, yo pap redevab devans lajistis #Ayisyèn. Si ou viktim nan zòn cho menm ou k..k.. nèt. Prekosyon pa kapon, siw pa nèg ak zam veye zow, veye lòt la, paske #Kenyan yo gen kat blanch nan zak yo pral poze yo.