Que le succès de ton ami soit pour toi une source d’inspiration, jamais de jalousie. S’il a réussi, c’est la preuve que c’est possible. Inspire-toi de sa réussite : la jalousie ne construit rien.
Bèl Pawòl li yee !!!
Se lè watè pa watè w ou bouche nen pou li…
Se paske miss la pa fanmi nou ki fè n gentan wè tout defo l genyen. Anyway, gwo bri larivyè pa anpeche krapo dòmi. Pandan n ap kritike l men l deja nan wout pou l al reyalize rèv li🤷🏾♂️renmen ou pa n oblije gade l.
Okenn moun pap rete avè w pou toutan…
Genyen lavi ap rache nan men w.
E gen lòt k ap oblije ba w do avèk le temps.
Gen sa k pral kontinye kous yo nan rèv ou, tankou gen lòt k ap jis rete yon senp souvni.
Ranfòse lyen w ak moun ou toujou ap gade nan miwa a🙌🏾
Reyalite a, sèke gen anpil moun ki pa gen kapasite oubyen talan ke w genyen, men ki fè siksè jis paske yo kwè nan tèt yo epi yo oze.
Epi gen ou menm k ap tann bon moman pou lanse w san w pa menm rann ou kont ke se tan k ap pase.
Lè w fè efò ke yo pa fè pou w rive nan yon nivo ke yo ta swete ye, se menm yo menm ki pral di w nan masisi, ou nan koripsyon oubyen se kò w ou vann….
Lè konsa fanmi, bouche zòrèy ou, epi kontinye briye nan boul figi fristre yo.🙌🏾
•••Bèl Pawòl li yee !!!✍🏾