Gen yon jou Kap rive m gen poum awogan,m gen poum malelve,m gen poum pa respekte menm granmoun
M gen poum bay lajan plis enpòtans ke moun,m gen poum rasis,m gen poum inyoran
~Men yon grenn bagay jou sa map gentan mouri🖐🏿
Men lis 32 grafèm ki genyen nan alfabè lang kreyòl ayisyen an :
A, AN, B, CH, D, E, È, EN, F, G, H, I, J, K, L, M, N, NG, O, Ò, ON, OU, OUN, P, R, S, T, UI, V, W, Y, Z.
Nb: pa bliye grafèm se reprezantasyon fonèm <son>.[ 32 grafèm = 32 fonèm <son>]
Men lis 24 lèt ki konbine ansanm pou fòme 32 grafèm yo nan lang kreyòl ayisyen an:
A-B-C-D-E-F-G-H-I-J-K-L-M-N-O-P-R-S-T-U-V-W-Y-Z
Nb: Kontrèman ak lang fransè a, li pa gen 2 lèt sa yo [ X,Q].
Nb: Pa bliye grafèm se reprezantasyon son li ye. [ 32 grafèm = 32 fonèm<son>]
Èske w te konnen alfabè kreyòl ayisyen gen sèlman 24 lèt ? 24 lèt sa yo sèvi nan fòmasyon 32 grafèm, 32 grafèm sa yo se reprezantasyon 32 fonèm <son>.
Sa vle di alfabè kreyòl ayisyen an genyen 24 lèt, 32 grafèm ak 32 fonèm<son>.
Liv gen yon plas san parèy nan lavi moun. Li se yon zouti ki edike, ki elaji orizon, e ki fè moun devlope pi byen. Chak liv pote konesans, eksperyans ak leson lavi ki pèmèt nou konprann tèt nou, sosyete nou ak mond lan.
#liv#lekti#konesans#devlopman
🌱🌿 chwazi Lokal, Chwazi Lavi 🌱🌿
Chak fwa ou achte yon pwodwi ki fèt lakay, ou pa sèlman ap sipòte yon peyizan, ou ap ranfòse ekonomi peyi a. Konsomasyon lokal se lanmou pou tè nou, respè pou travayè yo, epi fyète pou richès kiltirèl nou.
#agrikilti#lakay#konsomelokal