@avokapepla@avokapepla, pou kantite souwè m wè PM sa a, jwenn devan bawon le 1er ak 2 novanm pase a la, m pa kwè l bezwen plis ke sa. Ann priye pito, kontinye jete dlo, pou bawon tande vwa nou, epi egzose swè yo...
@MichelJMartelly@MichelJMartelly, bon ou kite Aryèl Anri, pou fè lè pase, boloze, kalbennde, fè tolalito, woule m de bò nan tèt peyi a, epi w te vle pou te gen you bagay ki fèt?
@alfredoantoine@alfredoantoine, kòm ki dire a la, "New York Times" te gentan pa kredib sou nou la a? Nwn monché ohhh! Bon e Bob C menm, vye Louko Dezi ak klòch malfèktè l la, vye Gerye Anri, GPPC, Tele Ginen ak TNH, sa n a di pou yo?
@alfredoantoine@alfredoantoine, nou ta pito di lonè, respè pou Majò sa a ki konsyan, lonè, paske li gen jèn, li konn wont paske l santi l pa p akonpli misyon l. Ki diferan pou you seri politisyen, ki rezime byennèt you pèp, ak chèk yo, avantaj yo, privilèj ak kout maltaye nan byen piblik ...
@martinejmoise @martinejmoyise, Enpinite w di wi, a bon! Ou fenk pantan sou mo sa a, pou kantite moun ki te dwe pini ki pa pini sou rèy mari w la! Bon yo te sou pouvwa yo tou kan menm, men monchè ooooh...
@alfredoantoine@alfredoantoine, kòm ki dire, nan mwens ke 3, 4, 5 mwa la a, bagay yo vin pi mal? Nou mechan vre,nèg politik sa yo, nou pa sensè. Ki sa n wè la nou pa te n konn wè sou Jojo? 13 masak m, Dòval, gregori, Neti, Dyego...Sak nouvo menm la batay anba ponp lan souple?
@RenaldLuberice @RenaldLuberie,sa n konnen nou, pwoblèm pa ka solisyon tèt li ankò. nou fin kraze, depacha, kolboso you peyi, li pa ta kab nou ankò ki ka chanje l. Zafè jovnelis nou an, se bouda nini. PHTK, jovnelis, se pyan ak pichon pou la repiblik. Ak bon priyè Sen Batòl pou yo konjire nou.
@MarquiseLeveil1@RenaldLuberice @MarquiseLeveillé,tandiske, li pa ta twò demonyak non, si w fè you ti analiz sou kòb you nèg ap touche nan leta, epi fè you ti konparezon ak pil byen l vin posede nan you ti tan tou kout. M pa konn sa w wè?
@MathiasPierre00@MathiasPierre00, Si "jouk Loran Lamòt tou" oze pale sou koze sa a, se pa ou k pou pa ta pale,apre tout dezòd ou fin kosyone la ,sitou nan you koze referandòm, pou n fè leta jete lajan...M pa p etone, si Mateli, Lalo,madan Balmi ak rès dechèpiyè yo tonbe kriz pou imigran yo!
@RenaldLuberice RenaldLuberice, chèf pa ekri 2 jan ni 2 mannyè, yo revoke w pwen ba...E sesi, se tout kabinè komokyèl sa a pou Aryèl disoud si l gen kèlke gram gason nan kanson l!
@alfredoantoine@alfredoantoine, DP Dodo, jis pran you ti tan nan tan w, al li pi fò kòmantè yo an repons ak Twit ou a. Se pa you sondaj non men o mwen, ou va gen you ti kal lide sou jan yo wè w, ak anpil lòt politisyen nan peyi a...Ou pa oblije non, se you konsèy!