Nan troll fanatik Brezil ayisyen VS fanatik Ajantin ayisyen sa ofinal:
- jiskaprezan mond la aksepte Brezil se mèt World cup (paske twofe Jules Rimet se ekivalan Wolf cup trophy pou FIFA)
- jiskaprezan mond la poko ka aksepte 0 tir cadré pandan 120 minit.
Vrè entansyon ki te toujou genyen dèyè koze Jil rimè sa se eseye minimize 5 Tit mondyal Brezil yo lol
Tout sa, jis paske yo sot pèdi yon final yo poko ka dijere lol
Mwen pèsonèlman dosye sa pa t janm deranje m lol, men m sispann bay enèji m lè m sène vrè entansyon k te dèyè dosye sa😅
Si Brezil se champyon JULES RIMET et non Champion du Monde. Nou dwe enkyete nou anpil paske nenpòt lè Minist�� Ledikasyon Nasyonal ka rele moun tankou m yo ki te pase nan reto ak filo retounen al fè Nouveau Secondaire IV 😂
Bann ti ransè 🤣
Menm gwoup moun k ap di elèv ki fè mwayèn 4 sanwont paske y ap fawouche elèv ki dezyèm yo, se menm yo menm ki konn ap fawouche Real ki pèdi nan ½ final pandan ekip yo elimine depi nan premye pati chanpyona a.
@RalphEFrancois Se pa premye fwa sa ap repete sou lakou lekòl Fanatism la. 2022-2023 moun Baselòn ki pat menm ajoune fawouche moun Real ki fè pi gwo mwayèn ke yo.
M ta vle konnen èske se non Messi a ki atire pèsonaj la:
tankou paran yo di ann rele l Messi petèt li ka vin moun k ap vin retire nou nan sa nou ye a.
Oubyen èske se pèsonaj la ki atire non an:
li te gentan fèt pou vin akonpli misyon sa, paran yo pat gen lòt chwa ke rele l Messi
Mondyal sa se youn nan konpetisyon ki pi enprevizib.
Tout pwonostik, pwofesi ki pase anba je m yo gentan pase akote reziltayo.
Moun k ap parye yo se pi gwo pèdan istwa a.
Mwen gen lenpresyon ke pèfòmans Ronaldo pa t ap bese nan nivo sa si li pat konn nan konkirans ak Messi nan on epòk.
Konkirans la te tèlman lou pou li li fin bay tout ti ji li te genyen podyab.
Fanatik Real/Brezil pa t ap gen bouch pou pale tou.
Donk Cr7 sakrifye l pou yo tou.
Ils ne sont pas si dur que ça vraiment.
Ekòs la n ap ka kase l mete l bouyi pou fè te, pou ba nou fòs
Ils ont Leur-roc. N ap mete ADEmoli sou li...Et ils vont être ramollis.
Sa ki te ka parèt pi di a ak yon taktik mete "i" nan plas "e" n ap BRIZE L.