Moun ki maledve Epi kap kache dèyè siy astrolojik yo pou yo diw Se balans , kansè , vyèj or whatever m ye kifem konsa ou just maledve Epi pwen ba. Manyen asime bourikte nou ☹️ otan otan otan.
Sa Pran sèlman yon segond pouw di:
Ou te gen rezon
Mwen Renmen w
Mwen vrèman dezole
Èske nou ka pale ?
Mwen pa vle tansyon sa ki ant nou an
Pa kite fyète ak ego bloke jwaw koz pi devan w ka regrèt anpil .
Yon nèg kap travay di e kap chache lavi pap ka baw 100% tan li , pa okipe chomè kap fè kwè ke nèg ou a pa renmen’w jis paske chòmè a la ,ap tcheke sou ou chak 2 min ,kale je w aprann konn sak bon pou ou .