Depatman Sant | Wout Nasyonal #3
De aksidan diferan ki rive samdi 27 jen 2026 la fè 2 moun pèdi lavi yo. Yon machin tip Yas frape yon pyeton bò Pon Kwim nan Ench, pandan yon trelè kraze yon Anherl TOUSSAINT nan Joumou sou wout Pelig la. #Ayiti#Ench#SekiriteWoutyè
Ench: #DCPJ franchi yon nouvo etap nan pwosesis desantralizasyon sèvis li yo ak inogirasyon yon Biwo Idantite Jidisyè nan depatman Sant lan, samdi 27 jen 2026. Nouvo estrikti sa a pral pèmèt sitwayen yo jwenn sèvis jidisyè yo pi fasil san yo pa bezwen deplase al nan kapital la.
#Sébastien_Migné ap kite tèt Seleksyon Nasyonal Ayisyen an, e Federasyon an bò kote pa l deja ap chache yon lòt antrenè. Selon yon piblikasyon jounalis Romain Molina fè vandredi 26 jen 2026 la, Migné te deja gen dezakò ak FHF depi aprè kalifikasyon Ayiti pou mondyal 2026 la.
🚨🇻🇪 Selon Nasyonzini, prèske 7 milyon moun ta afekte apre de gwo tranblemanntè ki te frape Venezyela mèkredi 24 jen an. Dènye bilan otorite yo fè konnen omwen 920 moun pèdi lavi yo, pandan plis pase 50 000 lòt toujou disparèt. #Venezuela#Seisme#ONU
Un nouveau bilan au #Venezuela atteint au moins 920 morts, 3 360 blessés et plus de 50 000 personnes portées disparues.Cette catastrophe, survenue le mercredi 24 juin 2026, est le tremblement de terre le plus puissant à frapper le pays depuis plus d'un siècle #NRoc
Site Solèy:Nan kad repons li bay kriz imanitè k ap frape peyi a, DINEPA kontinye deplwaye sèvis ijans pou moun ki deplase yo. Nan kan Athletic Club la, @DINEPA enstale enfrastrikti pwovizwa pou bay dlo potab, yon mezi ki vize amelyore kondisyon lavi plizyè fanmi ki viktim.
Yon ond twopikal ki toupre 70°W ap kominike ak yon TUTT (talwèg altitid)) ki chita nan lwès-nòdwès Jamayik ak Ayiti. Konbinezon sa a ap favorize fòmasyon gwo lapli ak loraj apremidi a sou kèk zòn nan Latibonit, Sant, Lwès, Sidès ak Nòdès, sitou toupre fwontyè ak Repiblik Dom. ⛈️
🚨 Lakou Siprèm Etazini an valide desizyon gouvènman an pou mete fen ak TPS pou Ayiti ak Siri. Nan yon vòt 6 kont 3, jij yo estime tribinal yo pa ka revize desizyon sa a. Plis pase 350,000 Ayisyen ak plizyè milye Siryen ka pèdi pwoteksyon legal yo Ozetazini. #TPS#Ayiti 🇭🇹🇺🇸
De (2) gwo tranblemanntè pwisan frape Venezyela mèkredi, sa ki lakòz omwen 164 moun mouri ak plis pase 1000 lòt blese, dapre yon premye bilan pwovizwa otorite yo pibliye. Otorite yo pè kantite viktim yo ka ogmante toujou, sitou nan rejyon ki toupre kapital la, Karakas la.
Done ofisyèl Diario de Salud pibliye konfime sitwayen dominiken 🇩🇴 yo reprezante 73 % pasyan ki anrejistre ak VIH nan Repiblik Dominikèn. 27 % ki rete yo se sitou migran ki gen orijin ayisyèn 🇭🇹, epi apre yo vini rezidan venezyelyen 🇻🇪 yo.
Pouki li fè cho konsa a? Pousyè Sahara sou Ayiti: vizibilite a bese rive anviwon 7 km nan Pòtoprens pandan tanperati yo depase 36°C. Moun ki gen pwoblèm respiratwa yo dwe pran anpil prekosyon akòz move kalite lè a.
#Ayiti#Meteo 🌡️🌫️
Leyogàn: Gwo dife sou Granri! Yon ansyen kay an bwa pran dife madi 23 jen 2026 la nan sant vil la. Flanm yo ap pwopaje rapidman e gen kè sote pou yo pa rive sou lokal BNC a. Ponpye yo espere entèvni san pèdi tan. 🔥🚒 #Leyogàn_Ayiti#Granri#Dife
Etidyan FMP-UEH yo mache lendi 23 jen 2026 la, soti nan Rektora a rive bò Primati, pou egzije relouvri rapid Lopital Jeneral. Yo denonse enpak fèmti lopital la sou fòmasyon etidyan nan medsin yo ak sou sèvis swen sante pou pop an. Lapolis itilize gaz lakrimojèn pou kraze mach la.
#Lionel_Messi ekri yon nouvo paj listwa. Avèk 5yèm gòl li nan Mondyal 2026 la kont Otrich, Lionel Messi rive nan 18 gòl nan Mondyal, depase Klose (16) ak Ronaldo (15). Yon rekò istorik pou dènye Mondyal lejand Ajanten an. ⚽🏆🇦🇷
Apre plizyè jou pwoblèm akoz zak vyolans ame toupre tèminal Vare, distribisyon gaz la ap reprann nan Pòtoprens. #ANADIPP fè konnen pa gen okenn rate gaz nan peyi a. Yo prevwa sitiyasyon an ap retounen nòmal nan 2 a 3 jou k ap vini yo.
Site Solèy : Daprè OIM, konfli ant gang yo nan zòn Bèlèkou ak Waf Jeremi fòse 5,025 moun (1,225 fanmi) kite lakay yo ant 13 ak 19 jen. Pifò nan yo pran refij nan 8 sit deplasman, pandan ensekirite a kontinye paralize zòn nan.
40 migran ayisyen ki t ap vwayaje sou yon bato ki mezire ant 36 ak 38 pye entèsepte a 5 è nan lendi 22 jen 2026 la pa Inite Maritim Lapolis Wayal nan Zile Turks ak Caicos pandan bato a t ap pran direksyon Providenciales. Apre sa, migran iregilye yo te remèt bay Sèvis Fwontyè a.
Depatman Sant: lapolis kraze ak gaz lakrimojèn yon manifestasyon yon group moun Mibalè t ap òganize lendi 22 jen 2026 la pou mande lapè ak gang viv ansanm nan. Manifestan yo te anpeche travèse devan santral idwo elektrik pelig la pou kontinye.
Taba |GSF anonse li mennen yon operasyon sekirite nan Taba kote yo sezi epi detwi plizyè santèn boutèy Molotòv.Plizyè moun arete epi remèt bay otorite ayisyèn yo. Malgre fòs la te sibi kout zam pandan entèvansyon an, pa gen okenn viktim ki anrejistre. Zòn nan rete sou siveyans yo