Avan Messi te champion m pat janm wèw te konn bere l nn, tout twitte ou se pouw rabese l kounya wèw vin humble oui 😂si kanpetann chanpyon sa
Paka ajoute anyen sou karyèl devan Messi
Gen yon bagay ki toujou fè m souri nan mond foutbòl la ak sou rezo sosyal yo.
Jodi a, anpil fanatik Ajantin, Lionel Messi ak Barcelona ap prezante tèt yo tankou modèl sajès, kalm ak imilite. E se nòmal. Lè w sou tèt mond lan, li pi fasil pou pale ak trankilite.
Men moun ki gen memwa pa bliye.
Yo sonje ane kote Ajantin t ap pèdi final.
Yo sonje ane kote Messi t ap resevwa tout kalite kritik. Kote menm Messi sa te mande pran retrèt ENTÈNASYONAL.
Yo sonje ane kote chak eliminasyon te tounen yon lagè sou entènèt. Kote nou te tounnen machann pwason telman nap joure.
Paske verite a se ke fanatik yo pa diferan anpil youn ak lòt. Lè ekip yo ap soufri, emosyon yo pale. Lè ekip yo ap genyen, sajès la parèt pi fasil. Se sa ki fè mwen toujou pran gwo leson moral fanatik yo ak yon ti distans.
Pafwa se pa moun yo ki chanje. Se sitiyasyon an ki chanje. Jodi a, Ajantin se chanpyon di mond a tit. Messi rive jwenn pi gwo rekonpans foutbòl la. Natirèlman ton a vin pi dous.
Men si gen yon bagay foutbòl anseye nou, se ke glwa ak soufrans toujou ap vire. Priye BONDYE pou Portugal pa CHAMPION DU MONDE ane sa. Nou pral wè vre vizaj yo ankò.
Se poutèt sa vrè klas la pa sèlman nan fason w konpòte w lè w ap genyen. Li plis parèt nan fason w konpòte w lè tout bagay pa mache jan w te espere an.
Paske nenpòt moun ka sanble saj lè l ap leve twofe. Se nan moman fristrasyon yo ou dekouvri vrè karaktè yon fanatik. ⚽️🎭🏆