Moun yo kouche sou chèz yo nan ayewopò a tankou endijan
Konpayi "Sunrise Airways", ki se sèl grenn konpayi avyon Ayiti ki asire transpò nan plizyè vil pwovens bay yon kantite konpatriyòt ayisyen poto nan ayewopò Okap la jodi mèkredi 20 desanm 2023 a. Moun sa yo te gen tikè yo nan men yo, byen alèz, pou avyon an te pran yo Okap mete yo Pòtoprens, enben avyon an pa vini, ni li pa ba yo okenn eksplikasyon sou kisa k pase. Se toujou konsa vire tounen ak konpayi sila a. Pafwa, menm lajan an yo pa vle remèt moun yo ni yo pa ba yo yon lòt vòl. Akòz "Sunrise" se li ki gen monopòl la nan tout Ayiti pou konekte depatman yo, li imilye pasaje yo lè l vle nan sans sa a, e okenn otorite pa janm oze di yon mo nan kalamite pasajè yo paske lajan an byen separe. Moun yo oblije koukouman kò yo nan ayewopò a pou yo tann li jou, san okenn espwa sou kilè y ap transpòte yo, pandan lajan yo nan men responsab "Sunrise" yo.@AmeriqueInfo7
@josephlunieOFF@RadioCanadaInfo Depi novembre 2016 la RUSSIE te retire signature li nan cpi, sa vle di koze manda yo a pa kanpe sou anyen La Russie pa rekonet cour pénale internationale