Tout pale anpil sa yo montre gen nan nou ki poko reyalize vrèman nan ki nivo Ayiti rive jodi a. Mwen te kwè reyalizasyon istorik sa a t ap mete nou ansanm, menm si se te sèlman pou yon mwa.
Kijan nou espere enspire pwochen jenerasyon an si se konsa nou trete moun ki rive f�� sa okenn lòt jenerasyon pa t rive fè pandan 52 ane?
Pa gen moun ki pafè. Nou pap janm nan plas Grenadye yo sou teren an. E mwen garanti nou yon bagay: pèsonn pa gen plis anvi fè gòl, genyen match, epi fè Ayiti fyè pase jwè sa yo. Se ak motivasyon sa a yo te rive kalifye, pandan yo pa t menm gen chans jwe nan peyi, e pandan majorite nan nou pa t menm konnen kiyès yo te ye.
Kritike se yon dwa. Men rekonèt efò, sakrifis ak grandè reyalizasyon ti mesye yo se yon responsablite tou.
Pou Ayiti. 🇭🇹