@SogebankHT Poukisa kliyan yo pa ka ekri nou mesaj prive?
Mwen itilize SOGEBANKING pou m fè yon transfè MonCash, kòb la sòti sou kont mw men li pa monte sou compte Moncash la.
Immigration: Se vre gen anpil presyon nan moman men pa fil azil pou fil azil, pa fil li pou kesyon vyolans gang paske vyolans oubyen krim pat janm yon rezon ki kalifye moun pou azil daye li pa nan :Ras, Nasyonalite, Religyon, Gwoup ak Politik.
Pou fil azil mete sou youn nan nexus mwen sot site la yo — Fok rezon ki fe w mande azil la pesonel avan tou-— epi sòti anba nan youn oubyen plis grounds yo.
Men 3 pati ki plis enpòtan nan dosye azil ou an:
1-Le pati sa ap fil fòk ou ka bay yo jan yo ye a paske ofisye/jij lan ka ale nan detay sa yo pou konfwonte sa w di nan Written Statement lan. Asire w nimewo paspò w korèk ak dat yo epi si w pat gentan fil avan yon lane fòk ou esplike rezon ki fè sa. Gen yon fòm pou sa byen detaye.
2- Nexus (Ras, Nasyonalite, Religyon, Gwoup ak Politik) fè anpil atansyon la, gen kreten ki fil fòm lan ki pa chwazi youn ladan yo lè konsa ou bay ofisye imigrasyon an oubyen jij lan yon rezon pou li voye dosye w la anlè epi li pa atrap li.
3-Pati sa vrèman enpòtan,se la ou pral konvenk ofisye/jij sou grounds/rezon ou te chwazi nan Nexus lan.Anpil kreten sèlman fil repons yo epi pa fè yon cover letter, pa fè yon written statement ki mwens esplike rezon ou mande azil la nan 3 ou 5 paj pou pi piti, sa se gabèl wap bay. Pa bliye chèche evidans yo, gade screenshort la byen mande ajan kap fil pou ou an konsèy sou sa. Se vre Statement lan se kilyan ki dwe di w kisa ki te pase li men ou gen pou devwa pou voye zye gade ladan li si li pa gen fot epi gen eleman ki konvenkan . Pa bliye verite se règ jwèt la pou evite frivolus.
Ofinal, ojektif mande azil dwe se genyen case la nan imigrasyon oubyen tribinal. Jiskaprezan pa gen anyen ki chanje nan fòm la pou moman map ekri sa la. Se toujou menm bagay la tou ak resi azil pending lan ou gen yon dokiman nan men ou pou evite depòtasyon si toutfwa tout lòt dokiman yo espire. Pou kat travay la se toujou 5 an epi toujou veye update nan dosye ou. Eske fòm lan ap chanje nan jou ki pral vini la yo? Mwen pa konnen.
Pa bliye lis avoka pro bono yo, kèk ONG ki ede moun pou sa epi @web509_llc la pou yon sèvis pwofesyonèl ki ede anpil lòt deja pou sòti yo nan stresse.
Pa bliye pataje ak yon lòt pou evite erè pou fasilite w jwenn bon jan èd. 👇
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Youn nan bagay ki pi enpòtan lè w vin viv nan #Etazini se sekirite ou. Pa gen moun ki negosye #sekirite pa bò isi. Se vre nou sòti nan yon peyi kote gang ap mache gran jounen epi dechèpiye moun men pa bò isi gen pwoblèm ensekirite tou.
Banm touche kèk gwo pwoblèm ak nou paske w pa janm konnen sa kapab sove lavi.
▪️ Lwa pa bò isi rekonèt tout sitwayen kapab gen zam pou defann tèt yo, gen Eta ki ale pi lwen ke sa, non sèlman ou ka gen zam lan lakay ou, nan machin ou, ou ka mete l bò bouda w tou pou fè kèk vire.
▪️Kote lakay nou, nou konn rive kay vwazen an pou ale chèche dife, pa bò isi pa gen bagay konsa, gen nèg ki konsidere “backyard ” yo tankou salon yo kidonk si yon nèg jwenn ou nan lakou li, li ka fè ladènye sou ou. Lè timoun yo ap jwe boul pa janbe baryè pou rive pran boul san w pa mande, sa se gwo danje.
▪️Nou tout konnen zafè « mass shooting » lan tounen youn nan mannyè pèp ameriken epi majorite ka sa yo se moun peyi a ki fè yo se pa imigran. Bagay sa fè anpil viktim kidonk fè anpil atansyon ak foul, lè yon « shooter » ap frape li pa ale dèyè yon grenn moun, motivasyon l yo konn anpil tou: rasis, revanj…
Nan zafè sekirite se pwoteje tèt ou dabò, pa pran pòz ou pa pése , depi ou sispèk yon zen, yon kote ki ka gen tire jete w , nèg isi rale zam pou dan ri, epi yo souvan fou yo pap rale l pou granmèsi. Mwen pale nou wi! Mwen pa pral nan antèman pèsonn moun ke m te deja pale.
Si ou sispèk ou pa an sekirite yon kote, rele 911, yo bay sèvis entèprèt nan 173 lang, ou ka text tou se yon dènye « update » ki fèt sou sistèm lan, si ou tèks an Kreyòl gen yon lojisyèl ki ka tradwi nan 200 lang diferan jiskaske yo konprann mesaj ou an.
Pòs sa kapab sove lavi, si ou jije li enpòtan pataje li ak lòt.
#Security #SafetyFirst
Yon ti Obsèvasyon m sou medya kiltirèl nan kominote a!
Majorite sa nou rele "blogè" isit yo gen difikilte pou ekri menm yon fraz senp kòm caption. Nou manke moun ki k ap ekri atik, oubyen ki kapab fè transkripsyon sa ki di nan radyo oubyen sa ki nan videyo nou poste yo. Malgre tout avansman teknoloji dijital la ofri, nou toujou fèmen nan tradisyon oral la. Se vre moun pa li ankò. Men imajine an 2060 yon moun bezwen fè rechèch? Sa a se yon gwo defi nan kenbe ak prezève richès kiltirèl ak istwa nou an yon fòm ki ka dire lontan epi ki aksesib pou tout moun. M kwè Nou dwe chèche fason pou nou anbrase teknoloji ak inovasyon pou nou ka sove ak pataje eritaj oral nou an yon fason ki pi efikas ak dirab.
Merci d'avoir lu. Si vous trouvez ce fil précieux, suivez-moi ( @Mindset_FR ) pour plus de contenu comme celui-ci.
Et retweetez le premier tweet pour le partager avec les autres. #mindset_FR.