Vote se yon devwa sitwayen, yon moman kote w mete ti enterè sou kote pou w gade enterè sosyete an. Vote se yon angajman sitwayen, se pou sa ou dwe byen konnen rezon ki fè w chwazi vote yon moun.👇🏾
https://t.co/HmqC0CO5U2
#election#CEP
Les relations internationales ne se comprennent pas dans l’instantanéité, il faut garder le présent à l’esprit tout en s’appuyant sur les décisions passées
@EEzechiel18
https://t.co/QWAl57kgE2
Jan anpil moun te poze kesyon pou fòs Kenya yo ki ale san ede n amelyore sa ki la a, kesyon sou GSF lan ak Eric Prince ki la, yo gen dwa kontinye poze kesyon pou Salvadoryen yo. Yo ka mande kisa leta pral fè aprè 5 lane pou n pa nan mande èd etranje pou konbat bandi ankò?
#PoliticalNews #Gouvernance #salvador
Ant pwomès Renovasyon Pak, Konstriksyon stad ak Sekirite , sanble wè Grenadye yo ap jwe devan piblik Ayisyen an pa pou demen.
#sports#infrastructure#politicsnews
Les relations internationales ne se comprennent pas dans l’instantanéité, il faut garder le présent à l’esprit tout en s’appuyant sur les décisions passées
@EEzechiel18
https://t.co/QWAl57kgE2
Operasyon nan zòn Laplèn.
Plizyè espas nan laplèn ki kontwole pa gwoup ame yo gen gwo afwontman ant fòs Sekirite yo ak gang, Jouskaprezan leta poko kominike ak moun yo sou atitid yo dwe genyen nan sitiyasyon sila. Èske yo dwe kite zòn yo? Kijan yo konte evite domaj kolateral? Èske gen yon plan evakyasyon pou moun ki ka kite yo? Konbyen tan afwontman sa yo ap dire? Kijan konsolidasyon an ap ye?
Yon pil ak on pakèt kesyon san repons. Pandan tan sa Premye minis lan Meksik, pa gen pèsonn ki sonje yo dwe n esplikasyon, yo gen obligasyon pou pwoteje moun sa yo ki pa nan aktivite kriminèl ki abite nan zòn yo.
#Security
#HumanRights