The FIFA Club World Cup comes to the U.S. this summer! Buy a Ticket Pack now and get a guaranteed opportunity to purchase a FIFA World Cup 2026™ match ticket. Secure your seat today! Limited availability. Terms apply.
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: 7 fason pou fè $150 chak jou, sa wap bezwen sèlman se yon vye machin ki an eta ak pèmi kondwi ou.
✔️ Moun ki fè Uber kapab pa di ou sa men gen “Uber Driver” ki fè plis pase $200 nan yon jounen. 👇
✔️Pa gen sekrè nan fè kola, “Lyft Driver” fè plis pase $150 nan yon jounen sitou nan zòn Aweyopò yo.👇
✔️ Bon, sa pi rèd nèt, “Instacart Shoper” fè plis pase $1.229 nan yon semèn, fè kalkil matematik la pa
jou pou wè . “I hate math”. 😂👇
✔️ Amazon Flex, sa se yon lòt bon pyon ankò, moun ki rapid epi fè Amazon Flex konn rale $160 pa jou. 👇
✔️Bon, mwen manke bliye “DoorDash”, pou enfòmsyon DoorDash nan 7.000 vil nan #Etazini. Gen “Dasher” ki fè $200 nan yon bat zye! 👇
✔️Uber Eats, yon sèvis #Uber ofri, gen moun ki fè plis pase $220 chak jou alèz. Pa bliye nan fè l ou ka switch sou lòt sèvis ankò.👇
✔️ Banm fini pòs sa ak “Spark Driver” , yon sèvis ki plis konekte ak #Walmart, li nan plis pase 3650 vil/ 50 states. Moun ki fè l konn rale $230 nan yon jounen, sa depann. 👇
👓 Si nou bezwen links yo, DM.
▪️Bon ann kite lapriyè pran kantik, si
Ou poko gen Pèmi Kondwi, si ou pran yon tikè olye ou ale pèdi pwen sou lisans ou, oubyen nan monte desann tribinal, rele nimewo sa, (954) 933-7068 pou tout kesyon pèmi.
👇👇👇
https://t.co/qP1C45DFgC
-----------------------
#Resources #BusinessGrowth #driving
#𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐨𝐥𝐨𝐠𝐢𝐞𝐬: Eske w te konnen ou ka fè lajan ak #smartphone ou epi fè telefòn lan peye tèt li? Atache senti w, nou pral plonje byen fon nan teknoloji.
Swiv 7 fason sa yo, epi banm nouvèl:
✔️Pou m kòmanse @BillyRacenoire manke fè $3K semènn pase nan parye sou ekip li konnen ki bon. Si w bon nan yon espò ou konnen byen ou ka pran chans ou la. Tyeke #Mybookie, #Bovada, #BetNow.
✔️Online surveys: Ou kapab fè bèl lajan ak yon apps tankou #Swagbucks, Survey Junkie ak Amazon Mechanical Turk, platform sa yo peye moun pou #surveys ak kèk ti bagay yo mande w fè.
✔️ Freelancing oubyen gig work: Kèk Platfòm tankou #Upwork, #Fiverr ak #TaskRabbit konekte #freelancers ak kliyan ki ap chèchè diferan sèvis “online”.
✔️Vann pwodui oubyen pwodui ou fè ak men w: Enskri sou yon platfòm tankou @Etsy oubyen @eBay pou mete chita yon boutik “online”. Nan pòs avan m te di nou yon boutik sou @Etsy ki konn fè $1M chak ane.
✔️Affiliate marketing: Li pa mande anyen pou lanse w nan yon “affiliate”pwogram tankou #Amazon Associates, #ShareASale oubyen “Commission Junction” pou pwomote yon pwodui epi fè komisyon.
✔️ Se pa nan bouch mwen nap konnen valè lajan moun fè ak channel #YouTube yo. Ou pa bezwen lajan pou lanse yon channel YouTube, yon podcast oubyen blog epi monetize sa w kreye yo nan piblisite, sipòtè oubyen Patwonay.
✔️ Ou kapab itilize telefòn pou lwe sa w genyen epi fè lajan. Telechaje yon apps tankou #Airbnb oubyen #Turo pou lwe chanm kay ou ki vid, machin epi fè lajan.
✔️ Mwen gentan konnen anpil nan nou konn “Trade”. Telechaje apps tankou #Robinhood, #Acorns, oubyen #Stash epi veye market la pou kòmanse envesti nan #stocks, #ETFs, ak #cryptocurrencies.
Antouka , olye de 7 mwen ba nou 8 ekzanp, si nou pa fè lajan mete nan pòch nou mwen pa responsab.
————————-▪️
For more updates on #Immigration, be sure to follow @dennly109. And if you're interested in other topics such as #Technologies, #Resources, #Humanities, and #BreakingNews, don't forget to follow for the latest updates.
#Resources: Anpil timoun vini nan pwogram lan ak paran yo oubyen yon gadyen. Timoun sa yo dwe kontinye ale lekòl primè jiskaske yo janbe nan lòt nivo. 𝐅è 𝟕 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐬𝐚 𝐲𝐨 𝐞𝐩𝐢 𝐭𝐢𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨 𝐩𝐫𝐚𝐥𝐞 𝐥𝐞𝐤ò𝐥 𝐬è𝐦𝐞𝐧𝐧 𝐬𝐚:
Avan tou, ane timoun lan fèt lan ak kote lap viv lan detèmine ki kote li prale lekòl.
Ki papye wap bezwen pou enskri timoun lan lekòl?
✔️ Proof of residency: Wap bezwen yon papye ki pwouve timoun lan ap viv lakay ou, yon papye tankou kontra kay la, papye bank, yon bill ki vini nan adrès la, se youn ou lòt.
✔️ Proof of age: Fòk ou pwouve laj Tijan , pote ak de nesans li oubyen paspò li, pa bliye mache ak papye “Immunization” li ki bay detay sou sante li.
✔️ Si w mache ak prèv ou poko ap travay oubyen ou poko ap fè gwo kòb, sa ap ede Tijan jwenn manje gratis ou pap bezwen pote bwat jan w konn ap fè l kay Amédée.
✔️ Pa bliye menm lè lekòl la kòmanse 2 semenn de sa kèk kote, Tijan te mèt sòti Pòtoprens aswè a, depi w gentan fè oubyen genyen papye m sot site yo prè ou mèt mennen l lekòl Lendi.
Nou tout konnen Tijan pale Kreyòl ak Fransè, sa pa pwoblèm, enfòme sa lekòl la, yap mete l nan yon “Bilingual Education Pwogram” oubyen jwenn èd tradiksyon jiskaske l pale anglè.( sa varye, pwofesè yo konn mete yo nan klas la epi jwenn tradiksyon pou yo)
Pa gen machin pou mennen Tijan lekòl? Sa pa pwoblèm, pandan enskrisyon an di sa nan lekòl la yap detemine kote w rete a epi “bus” pral pase pran Tijan mennen l lekòl.
Antouka , pa bliye moun pa kenbe timoun nan kay isi depi li gen laj pou ale lekòl, klike sou lyen sa, 👉https://t.co/Q0xSdAjqp0 rantre “zip code “ ou epi wap jwenn lekòl ki pi prè lakay ou an.
Si w twouve pòs sa kapab ede timoun yo ale lekòl sitou ak paran yo ki poko konnen sa pou yo fè, pataje l, kòmante epi “like.”
#School #Fall2023
Men lis tarifikasyon tout sèvis #USCIS yo,ou pa bezwen mande moun ankò,tweet sa enpòtan anpil,wap jwenn tout fòm ki koresponn ak chak saw bezwen,patajel tweet la epi sere li 🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄🔄⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️
https://t.co/ZF0SwW3yOW
#Immigration: Mwen tèlman jwenn kesyon sou kòman pou nou fè @CBP pou paran/ gadyen ak timoun. Mwen oblije fè pòs sa an ijans pou evite erè sitou depi apré #CbpOne fin pase a vèsyon 2.52 a.
𝐓𝐚𝐧𝐩𝐫𝐢 𝐩𝐚 𝐟è #𝐂𝐛𝐩𝐎𝐧𝐞 𝐬𝐢 𝐰 𝐩𝐚 “𝐬𝐮𝐫𝐞”, 𝐩𝐚 𝐟è 𝐥 𝐬𝐢 𝐰 𝐩𝐚 𝐬𝐰𝐢𝐯 𝐩𝐰𝐨𝐬è𝐬 𝐥𝐚𝐧 𝐣𝐚𝐧𝐦 𝐩𝐨𝐬𝐭𝐞 𝐥 𝐥𝐚.
Anpil timoun tounen lakòz erè paran/gadyen an fèt depi nan kòmansman pwosès lan.
𝗦𝘄𝗶𝘃 𝗽𝘄𝗲𝗻 𝘀𝗮 𝘆𝗼 𝗮𝘃𝗮𝗻 𝘄 𝗳è #𝗖𝗯𝗽𝗢𝗻𝗲:
1- Imèl ou tonbe? 2 bagay ki pi enpòtan ladan l, “approval notice” lan ak “Access code” lan.
2-Pliske ou resevwa “Notice” lan ak “Access Code” lan, ou lib pou kreye yon kont #USCIS nan systèm lan paske enfòmasyon w yo deja nan database.
3- Lè w kreye kont lan ale ”Add a case”, pa bliye nan bò gòch resi ki gen “approval la” wap jwenn nimewo resi an ki souvan kòmanse konsa ak “IOE”.
5- Aprè Add “Access Code” lan pou w kapab kontinye, kou w fini tou fè “Biometrics” lan , se la wap konfime ou te pran vaksen kont Covid-19 elatriye...
6- Koulye a pou ajoute timounn lan, ale tou dwat nan “Travel Group”, fè menm pwosès lan, itilize resi “IOE”, nimewo paspò, “A-Number” ki anba adwat nan menm resi a ki gen 9 chif aprè “A”.
7- Ou ajoute “Travel Group” lan ak siskè, koulye , swiv “screen” anba yo ale fè #CbpOne , pa bliye itilize menm kont ou an pou fè pou ou, pou fè pou timoun lan tou. Se menm pwosès lan menm si w te gen 2,3,6 moun wap ajoute nan “Travel Group”.
#𝐁𝐨𝐧𝐮𝐬: 𝐒𝐢 𝐰 𝐥𝐢 𝐩ò𝐬 𝐥𝐚 𝐛𝐲𝐞𝐧 , 𝐨𝐮 𝐩𝐚𝐩 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐞 $𝟏𝟓𝟎 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐟è 𝐩𝐰𝐨𝐬è𝐬 𝐥𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮, 𝐩ò𝐬 𝐬𝐚 𝐚𝐩 𝐞𝐝𝐞 𝐰 “𝐒𝐚𝐯𝐞” 𝐤ò𝐛 𝐬𝐚.
𝐖𝐞𝐥���𝐨𝐦𝐞 𝐭𝐨 🇺🇸 𝐠𝐮𝐲𝐬!
Ale swiv video a la: 👉https://t.co/gHSt35byRr
@promonews3 on fom I-134A on moun ranpli men on erè glise, nom benefisyè an repete 2 fwa
Ni kom benefisyè ni sponsor
Moun lan fem konnen se klavier computer an ki tronpel li pa we lè nonl pa monte. Kisa moun sa dwe fe pou pote koreksyon.
#GoodNews: Bon nouvèl pou moun ki aplike pou kat travay ak fòm pou vwayaje. (Forms I-765 and I-131 ). Jodi a menm @USCIS pèmèt moun ki aplike pou sèvis sa yo kapab “track” case yo epi genyen yon “update” nan 3 etap.
Ale sou kont @USCIS ou, “displays” case status> klike sou #Myprogress pou wè nan ki nivo kat ou an ye.
Enfòmasyon sa enpòtan, pataje l ak tout “paroled” , TPS , Azil ak Refugees ki aplike oubyen genyen pou aplike Pou kat travay ak fòm pou vwayaje. (TPS).
#Immigration: Sa se yon repons plon gaye, mwenn reponn kesyon 3 kategori moun ki ak estati sa yo te poze m nan kòmansman semènn lan. Men 7 bagay estati w kòm Paroled, Daca,TPS holder, Asylum pending, Refugees (not granted yet) ap anpeche w benefisye kèlkeswa peyi ou sòti a depi wap viv #Etazini ak youn nan estati sa yo:
✔️ Pou tout kategori ki anlè a, nou pap kapab ale nan US Army ni vini polisye nonplis.
✔️ Moun ki gen estati sa nonplis pap ka kalifye pou “Financial Aid” | FAFSA
✔️ Ak estati sa, gen kèk job gouvènman ou pap kalifye pou yo, anpil nan job Leta yo mande citizenship oubyen rezidans pèmanent.
��️ Jan ou ka konnen l deja, ou pap ka leve yon bon maten pou ateri Okap, ale nan kanaval Jakmel. Rezon an senp, wap bezwen yon “Travel authorization .”
✔️ Li klè nou tout konen, moun ki gen estati m sot montre anlè a, nou pa ka vote nan eleksyon pou chwazi pezidan, senatè, depite ak anpil lòt ankò men gen yon ekzepsyon pou eleksyon lokal yo gen kèk State ki fasilite non citizen vote. Na gentan pale sa nan yon lòt tweet.
✔️ Moun ki estati Paroled, TPS, DACA, Asylum pending, Refugees , pa kapab sèvi kòm manm jiri nan tribinal.
✔️ Pou fini, tout moun m sot pale anlè a bezwen yon kat travay pou yo travay #Etazini, Kat travay sa valid pou 2 an oubyen mwens ki kapab renouvle.
#Next: Malgre tout limitasyon m sot esplike la yo, moun ki gen estati sa yo kapab achte kay, machin, jwenn kòb prete labank san pwoblèm menm gen State ki otorize noncitizen vote nan eleksyon lokal yo tankou California, Maryland ak Vermont.
👇👇👇👇
Sa w wè anpil bagay nou pat konen, semènn sa ap gen anpil tweet tankou sa, rete konekte, pataje, kòmante pou di sa w panse epi rete enfòme.
👇👇👇👇
Ou vle jwenn mwen, klike la @dennly109 , oubyen ale sou tiktok https://t.co/379XOSrkyR, gen anpil lòt bèl videyo k ap vini sou YouTube ale la: https://t.co/I9accqG9hL
#Resources: Men pi gwo pwoblèm moun ki rantre sou pwogram #Biden lan pral fè fas nan kesyon edikasyon: aprè nou fin pran tout klas anglè yo mande yo pou nou kapab nan nivo ale nan kolèj oubyen kontinye inivèsite nou pap kalifye pou “Financial Aid” kidonk si nou pa gen lajan nan pòch nou oubyen jwenn yon oganizasyon ki ede nou peye lèkòl, jwèt la pap fasil pou n kontinye ale lekòl.
Men lis 7 gwo òganizasyon ki kapab ede nou fè fas ak challenge sa, si nou kalifye nou kapab jwenn jouska $100K pou nou kontinye lekòl pwofesyonèl | inivèsite menm jan anpil moun ki sou pwogram DACA, TPS, Azil, Refugees :
✔️https://t.co/GfavUxBJHx
✔️https://t.co/EeTL4XXdN3
✔️https://t.co/YNquo4PvVH
✔️https://t.co/oARwowTPfp
✔️https://t.co/XJYVGpeyfb
✔️https://t.co/mpPHoYWykF
✔️https://t.co/dFonu5oAfX
Nb: Pou asylees, refugees menm lè case ou “pending” ou kalifye.
#Next: Depi koulye a #bookmaks tweet sa paske wap bezwen l kanmenm, anatandan swiv òganizasyon @haicon_Official sa menm lè l fèk ap parèt paske l gen sa yo nan agenda li, lap gen pou montre tou kòman pou nou aplike pou jwenn sipò sa yo pa rapò ak objektif li fikse ki se ede imigran Ayisyen jwenn benefis estati yo merite nan #Etazini.
👇@haicon_Official
Tweet sa wap bezwen l, bookmaks li, like li pou ankouraje tweet parèy li, pataje l bay yon lòt, anpil #Lekòl gen lis 7 oganizasyon m pataje ak ou a, yo pap ba w li si w pa konnen l ekziste pa kenbe l pou kó w.
👇👇👇
Anvan ou pale - Reflechi
Anvan ou priye - Kwè
Anvan ou pale - Koute
Anvan ou depanse - Touche
Anvan ou reyaji - Panse
Anvan ou jwe - Travay
Anvan ou pran - Bay
Anvan ou kouri- Mache
Anvan ou kite - Eseye
Anvan ou mouri - Viv