Bonjou !! Kòman nou ye?
Nan kèk mo , m te bay yè swa yo , m pral itilize youn pou m aprann nou yon bagay , ke nou konn arive poze tet nou san nou pa jwenn repons la.
Poukisa nou sonje kèk moun plis pase lòt ?
Se pa toujou paske yo pi enpòtan…
men paske yo fè w santi yon bagay fò : lajwa, doulè, mank…
Nota Benn: Fòk nou konnen ke memwa pa kenbe moun… se emosyon li kenbe.
Lè ou rankontre yon moun ki fè ou santi yon emosyon fò, se pa sèlman nan kè w li rete… li antre nan sistèm memwa w.
Nan sèvo a, gen yon pati yo rele ipokamp, ki okipe memwa, epi yon lòt yo rele amigdala, ki jere emosyon. Lè de sa yo travay ansanm, ekperyans la vin grave pi fon.
Se poutèt sa yon moman ki gen anpil emosyon ka rete nan tèt ou pandan lontan, menm si li te kout. Yon ri, yon gade, yon pawòl… si li touche ou, li pa disparèt fasil.
Genyen tou kesyon entansite ak repetisyon. Si yon moun fè ou santi yon bagay fò plizyè fwa, memwa a vin pi solid. Se tankou ou ap repase menm tras la ankò e ankò.
Men gen yon lòt bagay ki pi sibtil. Pafwa, ou sonje yon moun paske istwa a pa janm fini.
Lespri a pa renmen kesyon san repons. Lè gen bagay ou pa konprann, pawòl ou pa janm di, oswa santiman ki rete an sispens , oswa bagay ou pa konprann... li kontinye retounen sou yo.
Se la ou wè:
ou pa sonje moun nan jan li te ye vrèman a, ou sonje sa li te reveye andedan ou.
E pafwa, sa ka menm depase moun nan tèt li.
👉🏽 Finalman, memwa pa yon achiv fidèl.
Li plis tankou yon istwa nou kontinye ap reyekri, selon emosyon nou te viv yo… ak sa nou poko fin konprann yo.
Avan m ale, men kèk mo nou dwe konn definisyon yo:
Solilòk : Lè yon moun ap pale pou kont li awotvwa
Ipokamp : Pati nan sèvo ki jere memwa
Inefabl : Sa ki twò bèl oswa twò fò pou w ka esplike l ak mo
Sérendipité : lè ou dekouvri yon bagay itil pa aza
Volubil : Moun ki pale anpil e fasil
Ibikitè : Yon bagay ki sanble prezan tout kote an menm tan
Alakrite : Vivasite ak lajwa, yon enèji ki fè ou aji vit ak kè kontan
Anfraktwosite : Twou oswa fann ki pa regilye, yon espas kache oswa pwofon
Idyosinkrazi : fason yon moun ye ki totalman pa menm ak lòt moun
Bikolik : ki fè sonje lavi nan pwovens, lanati trankil
Filatelis : Sa vle di yon moun ki koleksyone e etidye tenb lapòs.
À demen 💋
Kapòt sa yo san grès yo santi bon anpil se pou sa frèz la sou yo pou diferansye yo ak lòt la,yo pa la pou Penetrasyon medam yo itilize yo pou fè tibèf pou gason.
Yon ti rale sou kreyasyon lòm biyolojikman kijan sa fèt,ak konplikasyon yon fanm ansent ka rankontre pandan l ansent.
Rankont spèmatozoyid ak ovil se fizyon sa ki bay nesans ak moun men ki kote selil sa yo soti ?
Spèmatozoyid se selil repwodiktif gason,se selil ki pi piti nan òganism l an,Li pwodui pa yo pwosesis ki rele spèmatojenèz ki fèt nan apar��y jenital gason presizeman nan testikil,li gen enfòmasyon jenetik ladan l.
Ovil se gamèt repwodiktif fanm li se selil ki pi gwo nan òganism l an,li pwodui pa ovè yo,yo se glann andokrin sa vle di sekresyon yo fèt nan san ki diferan ak glann ekzokrin sekresyon yo fèt deyò pa egz: glann sidoripa se li k pèmèt swe soti nan po nou,glann salival ki pèmèt bouch nou toujou mouye,glann mamè ki pèmèt lèt soti nan tete fi,ovè yo se ògàn ki pèmèt fi yo gen sik manstriyèl yo chak mwa,lòd sa soti nan sèvo a,ipofisis ak ipotalamo voye yon mesaj bay òvè yo yo pwodui pwojestewòn ak estwojèn òmòm sa yo,enfliyanse andwomèt la ki pèmèt san koule chak mwa.
Apre règ la fini lè fi yo rive nan faz ovilasyon ovè yo libere yon ovil,si tout bagay an plas,fi gen règ yo chak mwa men yo pa ovile chak mwa fòk pa gen okenn anpechman pou yo ovile chak mwa.
Lè gason ejakile gen milyon spèmatozoyid ki soti,men ovil la trè selektif li p ap chwazi nenpòt se tankou yon fi 10 nèg ap file sa l plis renmen an li chwazi.
Lè rankont spèmatozoyid ak ovil la fèt yo fòme yon ze,ki rele zigòt,menm moman gen yon òmòn ki rele HCG òmòn gwosès ki egziste li prezan nan san ak nan pipi,se gras ak òmòn sa ki fè lè medam yo fè tès pipi lè yo ansent ki konfime yo ansent.
Òmòn sa li gen valè referans li,paske valè anòmal li endike yon bagay,pa egz:
Si l twò wo li endike fanm ansent l an posib pou l fè jimo ou triplèt,si l twò ba fi a gen chans avòte ou byen yon gwosès ektopik (lè fetis la enplante deyò iteris la )
Plasennta pran nesans menm moman tou,anpil moun konfonn li ak sak amyotik bebe a ladan l lan,gen atis ki menm di yo kòmanse ekri depi nan plasennta manman yo,plasennta se yon estrikti anatomik ki konekte bb a ak manman l pandan tout gwosès gras ak kòd lonbrik la,li transpòte nitritif ak oksijèn pou bb a li pèmèt li evakye dechè tou.
Si pa gen enkonvenyan gwosès la ap dire 42 semèn anviwon ou byen 9 mwa,nan chak semèn sa yo gen yon evolisyon ki fèt nan bb a,ògàn yo yo chak gen nan yon semèn yo fòme.
Vitamin sa yo trè enpòtan pou gwosès la Yòd,asid folik,vit B12 asid folik la manman ka kòmanse pran l depi premye trimès yo.
Gen vaksen ki pa rekòmande pou fanm ansent tankou VPH
Li ekstrèmeman enpòtan,pou konnen si w konpatib ak fanm ou deside fè ti moun pou evite fè ti moun yo ak maladi,egz anemi falsifòm
Gen maladi konjenital(pandan devlòpman gwosès la ke bb a ka genyen tankou deregleman kwomozom,gen sendwom de dawonn,sendwom klinfèltè etc
Gen maladi tankou idwosefali ki se akimilasyon likid sefalorakideyo ti moun nan ka genyen,gen makwosefali,ou konn wè gen ti moun ki fèt ak tèt yo byen gwo se sa ki makwosefali a.
Gen dyabèt jestasyonèl,ki se yon tip dyabèt ki devlope pandan gwosès la,manman an pa t soufri dyabèt avan gwosès la,li souvan disparèt apre akouchman men gen posibilite pou l afekte ti bb a,gen nan ka manman tou gen dyabèt tip 2 ki se yon konplikasyon dyabèt jestasyonèl.
Gen posibilite pou antikò manman touye pwòp pitit li, si gen yon pwoblèm enkonpatibile nan gwoup sangen.
Mèsi
Syndrome du jumeau perdu
Nan kilti pa nou yo rele l (li manje parèy li) nou ale pi lwen pou n di se sa k fè bb a fèt ak 6 dwèt
Men se kilti pwofàn ak pawoutim Vrè tèm 6 dwèt la se (Polydactyle) li konn bilateral se kote yon dwèt pouse an plis nan men yo ni Nan pye yo,men se yon malfòmasyon li ye m a gentan pale de sa.
men bon tèm Nan se Syndrome du jumeau perdu ou disparu
Se nan ka kote apre ekografi yo wè fanm nan ap pote 2 zigòt,men apre kèk semèn yon lòt ekografi pra l fèt y ap wè se yon zigòt ki an devlopman lòt la disparèt.
Pa gen yon eskplikasyon egzat yon koz egzat ki pwovoke sa ,selon kèk syantifik sa petèt rive ak malfòmasyon,move fonsksyonnman plansennta,anomali kwomozom ou byen fanm ki nan laj avanse.
Ensidans sou chak 8 fanm gen yon ka konsa ki prezante
Li konn pa pa parèt ak sentom
Men gen fi ki santi kranp,ekoulman,rediksyon nivo òmòn ki sanble ak fos kouch
Enpak sikolojik sou ni manman ni ti moun Ki fèt la
Manman konn santi doulè a paske s on ti moun li pèdi a e ti moun ki pra l fèt la pra l santi l koupab,kilpabilize tèt li tout lavi l se akoz li frè ou sè l la mouri.
Pou plis detay sou sa
Sa yo se kèk liv referans: Le syndrome du jumeau perdu /Auteurs : Alfred R et Bettina Austermann/ Éditeur : Le Souffle d’Or /Collection : Constellations Familiale.
le jumeau perdu Conte thérapeutique/ Auteur Marie- Eve Mespouille / Mespouille auto-édition :
Rezon ki fè fanm sou pi fasil ke gason.
1- Fanm gen plis grès e gen mwens dlo nan òganism yo ke gason
Grès la kenbe alkòl la sa fè dlo ki nan kò a pa evakye Alkòl la avèk fasilite,alkòl la rantre nan sikilasyon san li travèse nan lòt ògàn yo tankou,lestomak,ren,sèvo se sa yo k pra l koz ou pipi e vomi anpil.
2- Anzim < Gen 2 anzim alkòl dezidwojenaz ak Aldeyid dezidwojenaz valè yo pi piti nan fi ke gason,se lòt detay ki fasilite alkòl la rantre nan òganism fi a pi fasil
3- Chanjman òmòn nan sik manstriyèl fi a deranje metabolism Alkòl la nan òganism l an.
Rezon moun vomi lè yo sou
ADH ki s on òmòn ki la pou kontwole dlo k ap pèdi nan ren an,pou kenbe ekilib nòmal sèl nan san,vin ap fonksyone mal.
Plis kò a libere ADH pou ekilib la fèt se plis w ap pipi,e w ap vomi paske fòk dezidratasyon an fèt,pou elimine alkòl la.
#Thread
Yon moun bipolè pa yon mons
Bipolarite oswa sa yo konn rele "twoub bipolè", s on kondisyon sante mantal ki lakòz chanjman brital nan imè yon moun, nan enèji li, ak nan fason li fonksyone chak jou.
Moun ki gen twoub sa a konn pase de yon eta a yon lòt konplètman opoze:
Gazolin 725 goud, dyezèl 850, kewozèn 845 ; ak yon salè minimòm ki toujou pran souf li ant 350 ak 680 goud pa jou. Sa vle di nan peyi sa a yon galon gaz pi chè pase yon jounen travay, kidonk, yon jounen lavi moun. Lè yo rele sa “refòm”, se pa politik piblik : se matematik soufrans, kote majorite a peye frè teknik yon sistèm ki deja kraze yo. Rekonsidere salè minimòm nan se yon obligasyon, se dènye ranp ki rete pou refòm yo sispann tounen yon taks sou sila ki pi fèb yo.
#lajenèskisawvle
Même mot, mais sens différent selon le genre.
- Le livre → objet (livre à lire)
- La livre → ancienne unité de poids ou monnaie (la livre sterling, etc.)
- Le mode → manière (le mode d’emploi, le mode de vie)
- La mode → tendance (la mode vestimentaire, être à la mode)
Otomedikasyon yon bagay ki danjere ke ministè sante piblik ta dwe mete entèdiksyon sou li. L ap vin pi danjere toujou ak ChatGpt.
Ou pa dwe preskri tèt ou medikaman san dyagnostike.
Mikwòb Viris,ki bay Maladi yo pa ret jan yo ye a,yo inove tou,esa k fè w ap wè COVID egziste byen lontan men sa 2019 la pran yon lòt ekstansyon,li fè plis dega.
Sa vle di gen fason yon maladi te konn trete 2018 an 2026 yo dyasnostike lòt fason,e yo pa itilize menm medikaman Pou li ankò yo vin ak lòt.
Sitou ti moun,ou ka mande ChatGpt yon medikaman Pou yon malèz li genyen li ba w yon medikaman,men ChatGpt p ap di w konbyen Kg ti moun sa peze,kijan pou w ba l medikaman selon pwa l,ni Tou l p ap di w gen medikaman se an Siwo yo ye Pou ti moun.
2 pasyan ka gen menm maladi ou ba yo menm medikaman li fè efè sou youn,li pa fè efè sou lòt la,sistèm iminitè yo pa menm,gen pasyan òganism yo fè rezistans ak kèk medikaman 🙌
Plis ke enpòtan