Se bèl bagay lè Ayisyen chita ansanm pou poze pwoblèm (estriktirèl & konjonktirèl) peyi a. Li klè ke nou p ap janm dakò sou tout bagay. Men, si nou sensè, solisyon an posib. E nou dwe klè sou sa: SE SÈLMAN AYISYEN🇭🇹 KI KA REZOUD PWOBLÈM AYITI🇭🇹. #AYITICHERIDOUDOU💙🖤❤
Pran swen moun ki enpòtan pou ou yo, pran swen tèt ou tou ! Fè pwojè avni pou yo, fè pwojè avni pou tèt ou tou ! Lavi a pa si konplike ke sa: AVANSE AK SA KI VLE, MEN PA KITE TÈT PA W DÈYÈ !✌🏿
Mesaj pou moun ki renmen m yo:
M renmen nou tou. M renmen nou anpil. Nou tout konnen m renmen nou.❤️🫶🏿❤️😊🙌🏿🥰
Mesaj pou moun ki pa renmen m yo:
Jere sante mantal nou; pa kite nou fin dejenere nèt !😅😂😂
Madam Hugline Jerome se Sekretè Sendika Jenès Maskilen an (SJM). Nan sesyon ekstraòdinè ki te fèt 12 septanm 2026 la, Konsèy la te vote li a linanimite. Pou piblikasyon imedyat, san delè, san pèdi tan. Mèsi.☺️😂😂
Gen moun nou chwazi pou advèsè ki gen plis enfòmasyon sou nou ke sa nou panse. Kòm nou pa egare, nou evite atak fwontal la, n ap eseye bay kout ba. Sèlman si nou deklanche akwochay la, se pa nou k ap fini l.😂😂
Les gens faussement humbles ont souvent des coups pour tout le monde. Derrière une apparente modestie peuvent se cacher l’orgueil, la manipulation et la méchanceté. Observez les actes plutôt que les discours. Méfiez-vous de ces faux humbles qui distribuent des coups en silence.✌🏿
Yon nèg dwe evite fè èrè sa a: POU W AP DIRIJE YON ESPAS EPI W KITE NÈG VIN MONTE KLAN LADAN. Si ap gen klan se ou ki pou fè l ak MOUN PA W. Aprè, yon teknisyen vini, li travay, ou peye l epi li rantre lakay li. Basta!!! Li ka fè yon pwopozisyon TEKNIK ke w ka aksepte si w vle.✌🏿
Dirijan ideyal la dwe konnen kilè pou l chita ak kravat sou tab negosyasyon an ak kilè pou l retire kavat la touse manch chemiz li. E sitou kilè pou l retire teni sivil la, mete treyi militè ak bòt nan pye l. Gen malandren ki pa gen kapasite pou konprann langaj diplomatik la.
Mesaj pou jenn gason k ap plede plenyen, tout travay twò di pou nou yo: Anie Alerte fè 30 nwit youn dèyè lòt ap chante epi vwayaje lajounen nan 10 depatman jewografik peyi a + entènasyonal la. Lè l resi pran poz se pou al rantre pitit li lekòl. Sa pa di nou anyen? Bann fenyan!😂
Pandan m sòti lamès maten an, m pase dejne nan yon restoran. M jwenn yon bèl fanm nwa k ap kriye ak tout fòs li. M retire linèt li pou li epi m ba l mouchwa ki te nan pòch vès mwen an. Lè l pral pran souf li, petèt pou di m mèsi, m fofile nan pòt devan an m ale. #Solisyon_senp✌🏿
Nasyon w se Fanmi w nan yon nivo ki pi elaji. Pou okenn rezon, pa pale nasyon w mal. Ou tande wi, pou okenn rezon. Lè w oze fè yon dezòd konsa, li ka twòp pou ou aprè.✌🏿
Nasyon w se fanmi w nan yon nivo ki pi elaji. Pou okenn rezon, PA PALE NASYON W MAL ! PA PIBLIYE VYE IMAJ SOU PEYI W. Ou dwe respekte zansèt ou, drapo w, peyi w, fanmi e sitou tèt pa w. Yon fason oubyen yon lòt, move van soufle sout peyi. Byen abrite w sèlman pou l pa pote w ale!
Lavi pa sèlman blan ak nwa. Gen yon linivè nan mitan ki rele gri. Se nan gri sa a anpil verite kache, anpil batay fèt an silans, anpil doulè pa janm rakonte, e anpil moun pa janm rive konprann. Sispann jije yon chapit nan lavi moun yo tankou nou te li tout liv la!✌🏿
Si w gen pwochen #USA ki te konn panse avè w lè lalin nan te klè pou yo, sonje tcheke sou yo nan moman sa yo. Anpil nan yo pèdi travay, yo pèdi papye, yo anba estrès depòtasyon. Pa neglije yo ! Sa p ap koute w anyen. Sa ka remonte moral yo, sa ka fè yo santi prezans ou.✌🏿
Pi gwo lènmi lèzòm se maladi. Kanta lanmò se yon travèse, se gran vwayaj la, pa gen wout pa bwa. Antanke MOUN, nou ka fache, degaje tout fòm emosyon. Men sa pa dwe anpeche nou renmen, nou padone, nou viv ansanm. Anpil fòs ak kouraj pou sila yo k ap travèse gwo eprèv maladi.🙏🏿
Depi kè w ak men w pwòp, konsyans ou dwe trankil. Kite makak fè makak ! Kontinye chimen w san gade dèyè ! Lè yo rann kont se ak pwòp tèt yo y ap goumen li ka twò ta.✌🏿 #fokis
M rekonèt 3 frè Janrabèl: youn Pastè nan legliz pwotestan, youn Oungan nan peristil li, lòt la Prèt nan legliz katolik. Yo viv tèt kole. Nèg yo di yo pa diskite koze relijyon, se zafè fanmi/fratri yo regle. Ala bèl sa ta bèl si te gen nivo bon sans sa a nan nivo nasyonal !👀
Menm si w se Kreyatè kontni nan medya sosyal, OU DWE GEN VI PRIVE. M konnen se yon aktivite ki bay gwo vizibilite ak lajan, OU DWE GEN VI PRIVE. M nan medya sosyal ak moun yo depi epòk #hi5. Moun entènèt pa janm fin zanmi moun vre. Veye zo w, veye lòt la ! W ap remèsye m aprè.✌🏿
À 80%, je suis sorti du débat stérile « si tu n'es pas fan du Brésil, tu es fan de l'Argentine ». Les Grenadiers m'ont fait rêver. Je suis reconnaissant. Mais, quand le président de la FIFA déclare : « J'ai souffert avec l'Argentine, mais je suis neutre », il faut s'interroger.
Comme mon père et mes grands-pères me l'ont appris, j'apprendrai à mon fils qu'un père prend soin de ses enfants et subvient à leurs besoins. De plus, un homme digne assume toujours ses RESPONSABILITÉS. C'est une valeur non-négociable, radicale, politique et obligatoire.✊🏿