Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.
Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole.
Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.
Mwen mande tout manm gang yo avèk anpil fèmte pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse.
Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.
@nayibbukele@bukele sa se imaj yon zòn gang viv ansanm yo devaste. E se tout zòn yo pase yo devaste l konsa aprè yo touye moun yo, vyole fanm, tifi ak tigason epi ravaje tout bagay yo jwenn sou wout yo. Pèp Ayisyen deja di w mèsi pou kout men w ap ba nou
@nayibbukele@nayibbukele n ap di w mèsi pou sipò w . Men si nou gen tout materyèl sa yo m pa wè poukisa nou poko vle fè operasyon anndan kwadèboukè kote pi gwo baz gang Ayiti a ye. Se gang sa a ki alimante tout lòt yo
Mwen pa konnen @Tonymixhaiti pèsonèlman e pafwa mwen konn pran pozisyon sou kek mizik li.
Men mw Gen zanmi mwen Kanada ki konnen misye byen. Mwen pa ka konfime si se vre: men mwen sonje yo te konn rakonte m kijan fanmi madanm Tony te kont relasyon an e kanpe pou krazel, paske misye pat sou anyen alepòk. Malgre tout difikilte, dam lan te kwè nan misye e kenbe ansanm avèk li jiskaske Tony rive kote li ye jodi a.
Se twò fasil sou rezo sosyal pou moun envante pawòl, fè zen, epi ap atake fanmi moun konsa. Nou dwe sispann sitou lè se bagay ki depase nou.
Gwo otorite yo voye lame D Ayiti al netwaye Okap ak gwo materyèl lou epoutan bò baz FAD'H nan klèsin fatra ak sak watè monte men wotè preske antre anndan baz la 😫 @MTPTCE@PrimatureHT