"Toute vérité franchit trois étapes. D'abord elle est ridiculisée. Ensuite, elle subit une forte opposition. Puis, elle est considérée comme ayant toujours été une évidence."
Arthur Schopenhauer
Gen moun ki sèvi ak pouvwa pou enterè pèsonèl yo, gen lòt ki mete tèt yo nan sèvis peyi a. Angajman @hansjosephl1 nan tèt ULCC raple nou enpòtans entegrite, transparans ak rann kont. Ayiti bezwen responsab ki mete enterè nasyon an anvan anbisyon pèsonèl.
#Ayiti#Gouvernance
Jounen entènasyonal dwa timoun!
Toupiti, nou dwe aprann timoun yo nesesite pou kenbe wout entegrite, etik, respè pou byen piblik ak lanmou pou Ayiti, peyi yo. Nou dwe tou proteje yo, grandi yo nan diyite. Sa vle di pou yo jwenn manje, swen, lanmou, edikasyon ak sipò leta ak paran yo. Ayiti san vyolans, san kòripsyon nou vle konstwi a dwe komanse avèk yo.
Se nan lespri sa ke mwen te resevwa nan lane 2024, timoun anplwaye ULCC yo pou m te pataje avèk yo lide gouvènans pwòp la ak transparan an, pou yo te wè kijan paran yo ap fè yon travay nòb, travay netwaye leta a kap pèmèt nou prepare yon lavni san lapèrèz pou yo.
Jounen entènasyonal dwa timoun!
Toupiti, nou dwe aprann timoun yo nesesite pou kenbe wout entegrite, etik, respè pou byen piblik ak lanmou pou Ayiti, peyi yo. Nou dwe tou proteje yo, grandi yo nan diyite. Sa vle di pou yo jwenn manje, swen, lanmou, edikasyon ak sipò leta ak paran yo. Ayiti san vyolans, san kòripsyon nou vle konstwi a dwe komanse avèk yo.
Se nan lespri sa ke mwen te resevwa nan lane 2024, timoun anplwaye ULCC yo pou m te pataje avèk yo lide gouvènans pwòp la ak transparan an, pou yo te wè kijan paran yo ap fè yon travay nòb, travay netwaye leta a kap pèmèt nou prepare yon lavni san lapèrèz pou yo.
« Ceux qui ont dilapidé les caisses de l’État ne peuvent pas être considérés comme des patriotes. » C’est en ces termes que le candidat à la présidence sous la bannière de l’ESCANP, Hans Joseph, s’est adressé à la population en ce 18 novembre, qui marque l’anniversaire de la bataille de Vertières. Dans une vidéo transmise à notre rédaction, Hans Joseph estime que si la nation est fière de ses ancêtres, elle ne doit pas l’être de ses autorités actuelles. Selon lui, ces dernières, qui ont pris un décret pour couvrir des délinquants, ne sont pas des patriotes. L’ex-directeur général de l’ULCC estime que nos dirigeants doivent cesser d’être de connivence avec les gangs.#CorvingtonMatin
#Haiti: Kòm syans medikal fè anpil pwogrè nan dènye ane sa yo, nan pwen kote yo kapab retire kè yon moun epi ranplase l ak kè yon bèt, si videyo sa a pa brase konsyans ou, manyen lestomak ou pou verifye si se pa yon bout fè ou genyen nan plas kè w.
Videyo sa yo pap janm efase nan memwa kolektif nou. Yap toujou rete kòm temwayaj sou soufrans viktim yo, pou raple tout moun kap pran pozisyon an favè teworis yo ke pozisyon yo ap kontribye nan pwolonje malè ak soufrans popilasyon an.
Kèk ra moun kap retweet pòs sa paske pou yo mize granmoun sa ki te gen 4 kay kap dòmi kay zanmi, kap pase mizè se yon bagay nòmal pou yo.
Letènèl frape yo! @GSForceHaiti@realErikDPrince ,@nayibbukele misyon an pa gen pri, se yon misyon delivrans li ye!
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Frantz Duval pale sou fason yo chwazi minis an Ayiti, men tou sou tandans kèk ladan yo genyen pou yo ap kominike lajounen kou lannuit sou tout sa y ap fè. Dapre chèf redaksyon Nouvelliste la, lè yon moun pran tèt yon ministè san li pa gen okenn eksperyans travay nan ministè sa, sa ka fè li difisil pou l byen konprann misyon li ak responsablite li.
Tout entèvyou a disponib a sou chanèl Youtube AyiboPost. 👇
🔗 : https://t.co/IXqEh3egDT
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
Anpil paran Ayisyen toujou kwè siksè gen sèlman 4 chemen: enfimyè, doktè, avoka, enjenyè.
Tankou si rès mond lan pa mache sou men moun k ap repare, ranje, konstwi, epi mentni bagay yo.
Pandan, mekanik se youn nan metye ki pi solid sou planèt la. Se yon metye san fwontyè.
Nenpòt peyi ou pase ladan, w ap jwenn travay si ou gen konpetans. Machin pa sispann kraze.
Moto, kamyon, bis, jenaratè, ekipman agrikòl, ekipman endistriyèl… Tout ekonomi depann de mekanik.
Yon BON mekanisyen ka fè plis lajan pase yon doktè, nan nenpòt peyi.
Pa paske doktè pa enpòtan.
Men paske:
• doktè depann de sistèm
• mekanisyen depann de konpetans li + repitasyon li
• mekanik touche sou bezwen ijan, chak jou
Pwoblèm Ayiti a pa metye a.
Pwoblèm nan se jan metye a pratike.
Se poutèt sa:
• ou pa souvan jwenn garaj serye
• gen plis manti pase dyagnostik (yo bay manti)
• anpil kote sal, dezòdone
• pa gen estanda, pa gen konfyans
Men se pa paske metye a pa gen valè.
Se paske yo pa trete l tankou yon biznis pwofesyonèl.
Kisa yon moun ka aprann nan mekanik?
Mekanik se pa “ranje machin sèlman”.
Se teknik + disiplin + mantalite biznis.
🔧 Baz mekanik (3–6 mwa)
• Antretyen regilye
• Chanje lwil, fren, filtè
• Dyagnostik pwoblèm senp
➡ Travay rapid
🔧 Mekanik jeneral (6–12 mwa)
• Reparasyon motè
• Transmisyon
• Sistèm direksyon & sispansyon
➡ ou vin endepandan
🔧 Elektrik & dyagnostik (6–9 mwa)
• Sistèm elektrik
• Scanner & òdinatè machin
• Capteur, wiring
➡ nivo ki separe mwayen ak pwofesyonèl
🔧 Spesyalizasyon (6–12 mwa)
• Kamyon lou
• Moto
• Jenaratè
• Machin elektrik & hybrid
• Ekipman endistriyèl
➡ se la ou vin ra, chèche, respekte
🧠 Biznis & pwofesyonalis (an paralèl)
• Onètete ak kliyan
• Òganizasyon & pwòpte
• Dosye, devis, repitasyon
➡ diferans ant “garaj junk” ak biznis serye
Konbyen tan sa pran pou vin fonksyonèl?
• 3–6 mwa: ou ka kòmanse touche
• 1–2 ane: ou vin solid
• 3 ane: ou ka bati pwòp biznis ou
San tann 10 ane.
San dèt inivèsite.
Avèk konpetans ki mache nan nenpòt peyi.
Sispann leve pitit nou pou chèche tit, leve yo pou vin endepandan ekonomikman.
Metye pa fè w piti.
Se Medyokrite nan fason w pratike metye ki fè w pitit
Anpil jèn Ayisyen fini lekòl ak diplòm,
men yo frape menm baryè a:
“Ou pa gen eksperyans.”
Men kijan pou w gen eksperyans
si sistèm nan pa pouse staj ase?
Lekòl bay teyori.
Staj bay eksperyans.
Staj pa vle di ou pa gen valè.
Staj vle di w ap bati fondasyon w.
Bon nouvèl la:
ou ka viv Ayiti epi fè staj remote pou nenpòt peyi.
Travay remote se pa liks.
Pou anpil Ayisyen, se estrateji siviv.
Sit pou staj remote depi Ayiti:
1.LinkedIn
2.Indeed
3.Internshala
4.Parker Dewey
5.Wellfound
https://t.co/MMpPMSe9GN Entènasyonal / ONU
Handshake pa bon opsyon si w pa nan inivèsite etranje (.edu).
Si yo mande lajan pou staj, se fwod.
LinkedIn
https://t.co/xFmQdavEyX
Indeed
https://t.co/rM4KSurtE5
Internshala
https://t.co/FiWE7k6DVs
Parker Dewey
https://t.co/CJHawjmMe2
Wellfound (AngelList Talent)
https://t.co/YLSvPraUxN
UN Careers
https://t.co/uFZe17PoIF
UN Jobs
https://t.co/lgLZmLsLwD
Guardian Jobs (NGOs)
https://t.co/SSLPjEuLEV
Handshake
https://t.co/kTmFDBywmO
POURQUOI VOYONS-NOUS AUTANT D'INCOMPÉTENTS À DES POSITIONS PROFESSIONNELLES ÉLEVÉES ?
Une brève vidéo qui explique parfaitement ce paradoxe.
https://t.co/wnMi1w7K3J
M ap gade w san m pa defigire w
Mwen tèlman admire w
Mwen sou wout pou bliye kot popyè je m ka bout
Nan plede tatonnen
M pèdi nan mitan alfabè tout koulè
Mwen antre san m pa konnen
Nan bat bouch fè chèlbè m fin bèbè
Nan mitan yon bann silab bout pa bout
Epi...
@SherlyTanis