Direktè CNE a , Kineton Louis, lanse yon kanpay netwayaj nan zòn metwopolitèn nan atravè pwogram « CNE LAKAY OU » ki vize netwaye ak konbat ensalibrite nan kapital la jounen lendi 26 jen an.
Jounalis/Cameraman , Michaud Joseph , ki travay pou TNH designe fonksyonè de lane pou bon travay li remèt nan egzèsis fonksyon li . Michaud Joseph resevwa pri sa nan okasyon jounen mondyal fonksyon piblik.
Delegasyon Depatmantal Lwès , prezante egzanplè nouvo badj , anplwaye DDO yo , selon sa Delege Pierre Gary Bernadotte , fè konnen ansyen badj yo pa valab ankò . Depi yon ajan Delegasyon an pa gen nouvo badj la li pa gen pyès aksè nan biwo a ak divès lòt sit ajan DDO yo travay .
Nan okasyon 28èm anivèsè Polis Nasyonal Dayiti a , Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo #SYNAPOHA , Reyalize yon kolèt san nan lide pou pèmèt polisye ki blese nan operasyon jwenn san ka yo nesesite .
Sendika Pesonèl OFATMA mande ULCC louvri yon ankèt sou jesyon Direktè Carl François nan OFATMA. DG a revoke anpil anplwaye pou mete manb pati politik li a MTV-AYITI san konte lajan lap bwase nan konstriksyon ak vann manje kwit anndan OFATMA daprè sendikalis yo .
Delege Depatmantal Lwès la, Pierre Gary Bernadotte, chita pale ak direktè D. lwès TPTC a Ing.Raymond Andreson ak divès lòt otorite lokal. Objektif seri rankont sa yo se pou jwenn yon strateji pou netwayaj tout kanal zòn metwopolitèn yo pou evite inondasyon pandan peryòd siklonik.
KONEKTE-HAÏTI , Eksprime solidarite l ak tout konpatriyòt ayisyen ki viktim pandan denye siklon ki ravaje divès depatman ak komin andan peyi a. Oganizasyon KONEKTE-HAÏTI, Ankouraje leta prese-prese pou akonpaye viktim yo ak mete kanpe yon kanpay netwayaj pou debloke twou rego yo.
Biwo kominikasyon Delegasyon Depatmantal Lwès atravè yon not pou laprès atire atansyon popilasyon sou bon konpotman yo dwe adopte pandan sezon siklonik la . Delege Pierre Gary B , mande ak popilasyon an pou rete vijilan , swiv konsèy resp. pwoteksyon sivil yo pou evite yo viktim.
S.O.S!
Plizyè moun mouri ak divès lèzòt disparèt nan nofwaj Bato Metwopòl ki asire Transpo Marigo - Ansapit daprè Ansyen depite Marigo a #DeusDeroneth , ki pwofite lanse yon apel bay #Pwoteksyonsivil ak #Semanah pou pote sekou bay viktim yo.
S.O.S!
Plizyè moun mouri ak divès lèzòt disparèt nan nofwaj Bato Metwopòl ki asire Transpo Marigo - Ansapit daprè Ansyen depite Marigo a #DeusDeroneth , ki pwofite lanse yon apel bay #Pwoteksyonsivil ak #Semanah pou pote sekou bay viktim yo.
Biwo Imigrasyon kite nan Gymnasium Vincent an transfere nan lokal Delegasyon Depatmantal lwès kanapevè . Delege Pierre Gary Bernadotte reyalize yon vizit kontwol ak pran tout dispozisyon pou pèmèt sitwayen yo fè paspo yo nomalman.
Groupement d’Organisation pour le Changement d’Haiti (GOCH-HAITI) Wilfrid Michel , fè konnen nouvo komisè gvt potoprens , Elder Guillaume , pap pote okenn rezilta serye nan jiridiksyon potoprens paske li te pwouve enkapasitel deja kòm komisè gvt kwadèboukè .
Kodonatè Groupement d’Organisation pour le Changement d’Haiti (GOCH-HAITI) Wilfrid Michel , fè konnen nouvo komisè gvt potoprens lan , Elder Guillaume pap pote okenn rezilta serye nan jiridiksyon potoprens paske li te pwouve enkapasitel depi lè li te komisè gvt kwadèboukè .
Occil Frantzdy , se non polisye BIM sa ki pèdi lavi l nan komin kafou anba bal bandi pandan li tap pran bato pou rann li potoprens. Occil Frantzdy , te soti nan 26èm pwomosyon #PNH la , li te an detachman ak komisè kafou a.
Prof. Sauveur Pierre Étienne , konstate popilasyon santil bouke ak ensekirite chwazi bay tèt li jistis atravè mouvman popilè #Bwakalea . Sauveur Pierre Etienne kwè se leta atravè ministè jistis ki dwe jwe wol li pou peyi pa tonbe nan yon gè sivil .
Yon delegasyon Oganizasyon Sosyo-Politik KONEKTE-AYITI , te reponn prezan pou asiste selebrasyon 220èm anivèsè Drapo nan vil Kap Ayisyen. Dirijan KONEKTE-AYITI yo swete gen amoni ki jwen nan mitan chak grenn Ayisyen pou peyi a pran wout pwogrè ak devlopman pandan pasaj yo Okap .
Gouvènman Ayisyen montre li satisfè pou fason fèt Drapo a dewoule nan vil Kap Ayisyen pou 220èm anivèsè bikolò a. PM Ariel Henry , kontinye ankouraje tout moun pou mete tèt yo ansanm pou rezoud diferan kriz kap brase bil peyi a.
Delege Depatmantal lwès la , Pierre Gary Bernadotte akonpanye lapolis nan yon seri tchèk pwent divès kote nan kapital la . Se tout enstans konsène yo ki dwe mete men nan pat la Pou rezoud pwoblèm ensekirite peyi a ap konnen depi kèk tan, deklarasyon Gary Bernadotte .
Jean Willy Lazarre chaje misyon nan #MICT lapolis arete kòm moun kap pran kòb anba tab pou fè paspo pa gen anyen pou wè ak kodonatè SYNAPOHA .
Se presisyon Polisye Lionel Lazarre , pote pa rapo ak enfomasyon ki fè kwè li enplike nan kad dosye sila a. #PNH
Jean Willy Lazarre chaje misyon nan #MICT lapolis arete kòm moun kap pran kòb anba tab pou fè paspo pa gen anyen pou wè ak kodonatè SYNAPOHA .
Se presisyon Polisye Lionel Lazarre , pote pa rapo ak enfomasyon ki fè kwè li enplike nan kad dosye sila a.