Lè C granneg kap jwe nan mitan timounn yo di lap amizel,lè C malere kap jwe nan mitan timounn yo di sak fè granmoun sanwont sa pa al chache yon bagay poul fè.
#pa li pou li,li pouw konprann.
Ou konnen rezon ki fèw toujou panse a chak echèk ou pran C yon bak ou fè nan viw, C paske ou bati yon pwojè kote menm ou menm pa byen konn destinasyon la viw💔😭.
#timounn li, granmoun konprann.
Mounn lan te mèt pat janm pase sou ban lkl menm Yon jou imedyatman mounn lan reyisi nan lkl la vi an yo pran'l kòm modèl,paske jounen jodia majorite mounn pa bay mounn enpòtans ankò sou nivo konesans kel genyen men yo pito sou sal posede.
#Timounn li, granmoun konprann.
Sa vrèman tris anpil pouw ap pwojte yon imaj ki pa menm gen okenn rapò ak viw, pouw ka jus montre mounn ke ou sou yon chimen reyisit,pandan ke menm ou menm wap doute sou reyisit ou.
#li pouw konprann,pa li pouw li.
Pa chache grandi Fizikman, chache grandi mantalman.Paske lèw grandi fizikman ou jwenn atirans,poutan lèw grandi mantalman ou jwenn atansyon.
#pa li pou li,li pouw konprann.
Pafwa suksèw te ka reyisit fanmiw, men akoz yo younn pa reyisi nan fanmi an yo pito fèw echwe pou viw ka pase menmjan avè yo💔😭.
#Timounn li granmoun, konprann
Pitow aprann renmen yon mounn olye ou tou renmen yon mounn.Paske ouwè lèw tou renmen yon mounn afòs ke C ou ki renmenl ou pral aksepte ak tout sal fèw lè sa ou ka menm tonbe nan sa yo rele lanmou toksik💔😭,men lèw aprann renmen yon mounn C aksepte fè defol yo tounen kalite.
Depresyon mental ka fè Yon mounn swiside tèt li,C rezon sa ki fè ou pa dwe meprize mounn menm sil te lèd ou bo,Paske nou chak gen yon defo.
#Bay chak mounn enpòtans yo,paske tout mounn enpòtan nan sosyete an.
Pitit grannèg la ap toujou depase nou antanke pitit malerèz,paske pitit grannèg la tou grandi ak lide bizismann,nou menm pitit malere an yo tou fè nou grandi ak lide depinn pa doktè,kontab,avoka nou pap rive nan vi an.
#sak pou konprann,ap konprann.
Gen anpil Ayisyen ki pran pati Al nan peyi aletranje🇺🇸 pou yon suksè💔😭.Notons:jwenn pwosiblite pouw pati pa yon suksè,li jus baw yon pwosiblite pouw chache ti lavi pi rapid antanke malere💔😭
#si pati te yon suksè anpil granneg tap genten kite Ayiti 🇭🇹pou yo al reyisi vi yo.