@winie509 Bagay sa yo mpè opine. Paske mwen t manke pran yon kout pitit. Ou pral dim konan?Humm.
Pou istwa Mr a ka refè test la yon lot kote.poul pi sur
#𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐨𝐥𝐨𝐠𝐢𝐞𝐬: Nou nan 2024, jouska prezan gen anpil moun ki poko janm alèz ak operasyon “online” yo. Pou yo jwenn yon sèvis fòk yo ta ale chita nan yon biwo epi pou yo wè sèvis lan oubyen fè pri kase pri.
Li pa konsa non frè m, li pap janm konsa. Imajine tout moun pou yo te fil I-134A fòk yo te ale chita nan yon biwo #USCIS, lè konsa yo tap sou omwens 10 mil moun.
Imajine kòman pwosès lan tap ye pou #IRS tap mache kay chak moun pou idantifye idantite w avan yo ba w ti kraze monen ki vin pou an aprè w fin fil taks. Imajine ou menm ki tap oblije fil taks ou fòk ou ale nan yon biwo —-Non, ou pa oblije.
Si pou te achte yon bagay sou #Amazon fòk ou te peze l tankou lè nap achte mango #Leyogàn, mezire l, kase pri, remèt monnen, tyeke fo lajan avan nou achte. Nan moman biznis sa pa tap ekziste ankò. Yon “pluggin” sèlman jere sa, 3D projeksyon fè nou wè imaj lan pi byen, depi yon kat pa pase konnen se bank ou ki gen yon pwoblèm.
Ofinal, èske n te konnen, anpil pwodui nap achte yo pa menm touche men moun ki vann nou yo an. Yep! Se sa, moun ki fè Amazon FBA, “white label” yo konn sa byen. Se sèlman pase kòmann epi Amazòn fè rès la.
Nou nan 2024, zafè panse fòk nou fè pri sèvis lan jan nou vle an, fòk nou wè yon moun anfas avan nou pran sèvis lan, fòk nou peye ak lajan cash, jwenn yon resi bout papye pou nou satisfè . Tout operasyon sa yo se te bagay lontan sa.
Nou sèlman bezwen adapte nou pou tren teknoloji an pa ale kite nou. Di towo bò kote w la sa souple pandan nap pataje tweet sa! 😂
#entegrasyon #immigration
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Nan zafè Azil nou souvan mal enfòme, map parye ak nou anpil nan nou te panse avan nou li pòs sa Azil se politik sèlman li ye. Non. Li pat janm sa se paske anpil nan nou te mal enfòme.
Men 5 rezon ki kapab kalifye w pou Azil, kou fin konnen yo, retire yon lòt nan fènwa pandan wap poste sa sou status ou epi retweet li:
✔️Ras : Yon moun kapab kalifye pou azil
sou rezon ki baze sou ras kòmkwa ou ta jwenn pèsekisyon oubyen diskriminasyon poutèt ou se tèl ras. Pou sa m konnen, nou pa gen pwoblèm sa an Ayiti.
✔️Nasyonalite : Moun kalifye pou azil si tout fwa ou jwenn pèsekisyon poutèt ou se Ayisyen (ekzanp) , si tout fwa ou jwenn menas sou baz sa oubyen pran baton pou sa. Pou m onèt ak nou, mwen pa konnen gen pwoblèm sa lakay men banm ba nou yon poul: “ Si tout fwa ou te Sendomeng, Chili, Brezil, sitou pou Sendomeng lan ou kapab kalifye pou azil pou sa paske Ayisyen jwenn anpil menas laba.
✔️Relijyon: Yon sitwayen kapab kalifye pou azil pou sa tou paske lwa isi pwoteje libète relijyon. Si tout fwa ou resevwa menas paske wap fè jèn, kelkeswa aktivite legliz oubyen wap rele lwa Ogou ou kapab kalifye pou azil menm lè m konnen lakay nou pa vrèman gen pwoblèm sa.
✔️ Gwoup sosyal: Yon moun ki fè pati yon gwoup kapab kalifye pou azil si li jwenn gwo menas ak pèsekisyon sou baz sa. Lè m di gwoup lan mwen vle pale gwoup sosyal tankou yon gwoup fanm ki konn sibi vyolans, yon gwoup feminis , gwoup LGBTQ pou m site sa yo sèlman. Yes, moun fanm oubyen gason ki resevwa menas poutèt oryantasyon seksyèl li kapab bon nan azil trapde.Etazini vote lwa pou fanm pran fanm li, pou nèg pran nèg li.
✔️Politik : Denye pwen an se sa, se li tou anpil moun te panse ki kapab kalifye yo pou azil. Ebyen, si w jwenn pèsekisyon paske w te Lavalas, Tèt Kale, Tèt ki pa Kale, kèlkeswa pati politik lan sitou si w pa sou pouvwa w ou kapab kalifye pou azil pa bò isi paske ou pa dwe pèsekite pou chwa politik ou, sou opinyon politik ou ke w te nan pouvwa oubyen opozisyon.
Daprè 5 kategori sa yo, nan ki kategori nou ka plase yon ansyen polisye oubyen madanm li si lap chèche jwenn azil Etazini? Kijan yon moun ki te kidnape oubyen yon fanmi li kapab konekte ak youn kategori anlè a? Sou ki baz makòmè Jean Menard kapab kalifye pou azil poutèt oryantasyon seksyèl li?
-------
Tout detay sa yo disponib pou 15 minit konsiltasyon gratis ak @web509_llc oubyen @Acdrivingsch .
#Immigration #Asylum