#Coach
M te premye fanatik Real ki pa t kwè Mourinho pral pote anyen sou plan espòtif nan ekip la.
Men misye vrèman soti pou l retire mo sa nan bouch mw.
Ban m swiv toujou.
Pou knya msye ap byen jere efektif la, e li jwenn fòmil pou kase ego jwè yo san okenn enpak sou kolektif la
Priyè yon ayisyen
🙏🏽
Papa adoptif nou ki o Salvadò, se pou yo respekte non ou. Se pou yo rekonèt se ou ki WA. Se pou volonte ou fèt ann Ayiti tankou li fèt deja nan peyi Salvadò. Sa gang yo merite a, ba yo li jodi a.
Amèn Amèn Amèn
Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! 🥲
@marcalainb Estati sosyal ou. Sa w reprezante ak sa w deja enspire anpil jèn.
Se yon gwo gwo respnsablite lè plizyè santèn, kidire milye moun prè pou repete yon pawòl jis paske w di l, prè pou fè yon bagay jis paske w fè l. Oubyen prè pou pran yon pozisyon jis paske w gen menm pozisyon sa.
@nayibbukele Se lach yo ye, yo pa t janm tout sa yo te panse yo ye a vre. Se leta ki fèb ki fè yo te panse yo fò. Yo pè kou chat aktyèlman la.
Pa neglije ba yo sa yo merite.
@ralfrho G on videyo yon gwoup medam abiye an nwa ap chante epi y ap bat men, ladan l y ap di "Al manje AA al manje AA".
Kiyès ki ka fè m jwenn li svp, m bezwen reponn nonm sa a anvan m angaje nenpòt deba ak li.