l'ETA sispann kraze pwodiksyon nasyonal la ak politik louvri baryè w la .
USA sispann voye zam bay gang pou kraze diri Latibonit la ak masakre peyizan yo .
Viv Souverènte Alimantè
FRAKKA mande:
Pou tout viktim gang ame kou gang ak vès yo mobilize pou fòse leta ba yo sekirite pou yo tounen lakay yo. Kanta viktim ki gen kay yo boule, FRAKKA mande pou #Afèsosyal ak #EPPLS ki nan domèn lojman piblik, pran bonjan mezi pou akonpaye yo.
Si yo t ap ede w vre yo t ap baw bous
Yo t ap ede w mete sekirite
Yo t ap ede w kreye anplwa lakay ou
Yo t ap sispann sipòte kòwonpi nan tèt peyi an .
Se pa yon pwogram yo t ap mete pou kraze lekòl , pou kraze inivèsite , pou kraze fanmiy .
Nou konprann pwojè an USA
Haïti-Violences des gangs : Plus de 2,400 personnes contraintes de quitter leurs domiciles depuis le 1er novembre 2023 à Mariani, selon l’Oim https://t.co/0qxhPwaxGc
Abinader sot chita kòt a kòt ak Biden aprè li vin pwente zam sou Peyizan yo
Nou konprann ou lepè , e nou sèmante 7 fwa 77 fwa Kanal lan p ap Kanpe ( KPK) epi fontyè an p ap ouvè pou manje pouri w yo rantre.
Aba Enperyalis ,Aba kapitalis Kòwonpi , viv tèt ansanm nan mitan Pèp la
Kanal la p ap kanpe ( KPK).
Fòk kanal gaye toupatou nan peyi a, pou nou pwodui manje, pou vant nou sispann ponmennen kay vwazen.
Nou se granmoun se nou ki dwe responsab kwiy nou.
#KANALLAPAPKANPE. KPK
Pwojè pou n jwenn souverènte nou nan zafè lamanjay la p ap kanpe.
Nou mande yon solidarite pou n Etidye kapasite dlo souterèn plèn BAMARIBAWO an pou n kòmanse fè foraj pou n kontinye awoze tè yo poun fè manje,m tande RD ap devye dlo masak,men yo p ap ka devye pwojè byennèt la
FRAKKA mande pou tout Ayisyen nan peyi a kou nan dyaspora a pote kole pou ede peyizan yo fini ak konstriksyon kanal sa a ,
Epi konstui lòt kanal sou rivyè a yon manyè pou redui depandans peyi a nan zafè lamanjay
FRAKKA bat yon gwo bravo pou peyizan Wanament yo ki deside konstui yon premye kanal sou rivyè masak la
Epi pa pran nan chantaj kapitalis rasis dominiken yo .
-Aprè yo fin kraze mache kwabosal , yo ogmante pri tout pwodwi nan makèt yo
-Yo kreye gang nan latibonit pou fòse peyizan abandone Jaden yo, Kay yo , pou yo kontinye enpòte plis diri pèpè nan peyi an
#Annlevekanpe poun chavire sistèm kòwonpi sa ki pa vle byennèt nou
#Urgent!
Grands éboulements sur la RN#3, ds le plateau central, sur la rte de Hinche vers le Cap, non loin de Péligre. La route est partiellement obstruée & entrave la circulation.
Les autorités du MTPTC sont priées de s'y rendre pr un prompt dégagement de cette très utile voie.
Gang mete popilasyon an deyò lakay yo
Gang bloke blòk Sid lan anpeche pwodwi peyizan yo rive Nan kapital lan
Gang bloke blòk Nò an , gang kraze Latibonit, Peyizan paka fè diri .
Nou rele anmweyyy Aba tout Gang ak sapat , Aba tout Gang ak palto
Viv souverènte