Bon, m pa konn okenn vrè enfòmasyon sou nèg sa yo. Paj yo sou TikTok se qjour_Samdi, men mwen panse nèg sa yo ap fè yon bon travay. Yo merite sipò. 🫱🏿🫲🏾🇭🇹
⭕️ENFO | Manm popilasyon an agresye jounalis sa yo, pandan yo te vin kouvri antèman 5 nan viktim dènye masak Kenscoff la.🇭🇹Pami travayè laprès sitwayen yo frape yo, nou jwenn 2 fotojounalis :📸 @OdelynJoseph, kap travay pou Associated Press - @AP, ak Clarens @SiffroyC, @AFP. Sitwayen Kenscoff yo maltrete jounalis yo, se chape yo chape anba men agresè yo pou al refijye yo nan komisarya komin nan. Anplis de kou jounalis yo pran, materyèl yo sibi gwo domaj pandan agresyon an. Nap raple, gen yon aksyon menm jan an ki fèt semèn pase a, kont plizyè lòt konfrè jounalis nan Kenscoff. Jiskaprezan, pa gen detay klè ki bay sou vrè rezon ki fè yo bat fotojounalis yo | @passioninfoplus