M poko janm vote nan vim, koz m potko gen laj pou sa
Chak moun m wè pigran yo vote deja, se vòlè yo vinn vòlè, met peyi a pimal
Mwen poko wè moun k ap fèm antre nan yon biwo vòt pou m al vote, si toutan se sa m ap swiv devan jem lè pèp la vote, m pap enplike nan kraze peyi m.
Imajine w ou nan peyi w malfra ap pouse do w
Dirijan ap pouse do w
Sistèm nan blo n tout jan
M wè manman k ap kriye
M wè papa k ap trepase
M wè granmoun sou baton k ap kouri pou bal
M wè ti bebe y ap boule tou vivan
M wè jèn fi y ap vyole
M wè kote moun ap manje moun
Peyi sa🇭🇹