@carelpedre@LikeChrisss Pwoteksyon moun ki kreye travay orijinal yo pa dwe neglije pou okenn rezon. Si se pa sa, itilizasyon zouti AI yo ap kreye twòp gwo enpak negatif pou sosyete jodia ak demen.
@carelpedre@LikeChrisss Se jan de enkyetid sa yo pami lòt ke mwen genyen tou. Mwen kontinye ap itilize zouti sa yo nan plizyè domèn pou plizyè rezon. Kidonk mwen pa kont yo nonplis.
Mwen panse genyen gwo nesesite pou gen deba global epi pwofon sou legalite ak itilizasyon responsab (etik) zouti sa yo.
@LikeChrisss@carelpedre Nan semèn ki sot pase yo, mwen t'ap swiv yon fineray online. Gen yon mizik sou lavi moun nan ke yo t'ap jwe plizyè fwa avan epi pandan seremoni an. Apre 2-3 fwa mwen rive reyalize ke se EA ke yo itilize pou fè mizik la. Li te bèl, men li kite yon enkyetid nan lespri m'.