Mezanmi, tranblemandtè 2010 la, kouri pou Gang, ensekirite, plis lavi chè, agresyon imigrasyon Sendomeng ak ICE nan USA, rasis ak prejije... ap sakaje eta sikolojik ayisyen.
Ou ka wè moun nan byen pòtan poutan li fou.
Fòk gen gwo etid ki fèt sou sa. Se ijans nasyonal.
Michel Martelly gen tout dwa l sou tout teritwa Peyi Dayiti menm jan ak tout ayisyen toutotan Lajistis poko retire kèk nan dwa sa yo.
Ann batay pou Lajistis ranfòse. Bann ipokrit!!!
Gen 3 leson m kenbe nan Dram Citadelle la:
1. Yon pil dirijan nan Leta a enkonpetan, irespensab e san vizyon ni pwogram.
2. Yon jenès san oryantasyon kap chèche espas pou lwazi ak divètisman.
3. Yon sosyete zenyèz e ipokrit.
Lè chyen mòde w nan lari, se ak mèt li pou w pale.
Nou mèt retire moun, mete moun; retire granmoun, mete jènmoun; rele jansòt kou janlespri; flote koulè wouj ou nwa; gade anwo ou anba; rele putit deyò ou anndan.... Depi nou pa konbat ENPINITE, koripsyon ak ensekirite fèk kare fouye nou nan soudevopman.
Menm bagay yo ap toujou bay menm rezilta.
Nou te mèt chanje otorite politik yo an Ayiti tankou nou chanje Daypè nan dèyè ti bebe; depi nou pa chanje estrikti Leta a, se laver men siye atè.
Sa fè 40 lane depi nap priyorize konjonkti sou Estrikti.
0 enstitisyon = 0 devlopman.
Gen 4 moun nan KPT a m tèlman desi de yo.... Franchman menm pou Patrice Dumont m vin pè mete menm nan Dife kounye a.
M pa konn nan kiyès pou m kwè, nou tèlman chaje a malandren abiyenan Peyi a.
Ayiti se yon peyi espesyal wi.
M sot tande yon bòs fewònri, yon bòs tayè ak yon bòs ebenis kap di jan yo rayi politisyen ayisyen paske yo bay twòp manti...
M sèlman di: hummmmmm AMEN !!!
Ant A, B, C ou D; de 57 a jodi a, kiyès ki + kraze Ayiti? Se rezime sijè ki alimante diskisyon nou yo. Fòk nou ta wont konstate a ki fòs nap defann 1 pil malandren. Poukisa se pa envès la ki fè esans deba yo? Bann san koutcha !!
Nou tout dakò ke dirije se kraze.
Bonjour le peuple !!!
Anpil Lekòl Ayiti gen yon vòl yap fè kounye a: se fè paran yo peye gwo lajan, swadizan, pou kenbe plas pou ane kap vini an epi Kòb sa a pa gen pyès rapò a frè eskolè a.
Pèp la pran nan yon gwo konplo.
Gang yo tout kote !!!
Jenerasyon nou an gen 5 gwo jijman pou li fè nan nwit oubyen lajounen:
1. Moun ki vòlò lajan Petwocaribe yo.
2. Moun ki touye Mèt Dorval yo
3. Moun ki touye Prezidan Jovenel yo
4. Moun ki mèt Gang yo.
5. Moun ki te fè Martelly prezidan yo.
Nan kou Etik Pwofesyonèl la, m te toujou konn raple etidyan yo ke Ayiti se yon peyi Pòv paske elit politik, ekonomik ak entèlektyèl nou yo pa konsyan de sa.
Epi Koripsyon ak enpinite se chodyè kap kwit soudevlopman an pou nou.
Pap gen devlopman si pa gen lwa ki kont soudevlopman
Depi fen ane 50 yo, se politik bloke wout nap pratike an Ayiti:
Nou bloke wout:
- pou kamoken
- pou makout
- pou lavalasyen
- pou ti milat
- pou klasmwayèn
- pou ti nèg nwè
- pou fanm
- pou jèn
- pou elèv lekòl ak inivèsitè
Epi nou vle yon lòt peyi.
Fòk nou debloke
Men Ayiti:
1. Dirijan tchoul entènasyonal la
2. Gouvènans nan do lasyans e sou baz eslogan
3. Laprès asisye l ak bouwo yo
4. Militans pi bon ke konpetans
5. Ekonomi revandè
6. Edikasyon enpwovize
7. Nou kreye mons politik olye enstitisyon
7. Koripsyon se lwa
8. Elit kriminèl
Mwen fè pati de moun kap fè pwomosyon pou lanmò ak touye moun yo.
Si Lanmò dwe vini, fòk se:
1. Natirèlman
2. Pou alimante kò moun (kanibalis pa ladanla)
3. Aksidantèlman
4. Lejitim defans (vanjans pa ladan l)
Lavi se pi gwo byen limanite genyen
Nou wè kijan anpil sektè nan sosyete a kanpe kont sak pase nan Katedral Okap la? Lè moun ap fè deriv nan non Leta a, wòl sosyete a se denonse. Kounye a, moralman, jwèt pou lajistis.
Si Bondye pat banm chans pou m te viv deprè ak dirijan Fanm yo la, travay ak Fanm Deside nan Jakmèl, zanmi Fanm Vanyan nan Marigo epi manm Fondadè òganizasyon Femmes et Actions; betizè matchis sou rezo Sosyo tap fè m rayi mouvman feminis lan an Ayiti.
M ta renmen konnen ant deklarasyon Andresol sou kesyon PNH la ki pa gen plan kont ensekite a, Donald Trump ki koupe èd misyon Kenya a ak sa Javier Tebas di sou Réal Madrid la... kiyès ki plis eskandalize Ayisyen?
Nou te gen kòm lidè politik: Jean Price Mars, Antenor Firmin, Louis Dejoie, Daniel Fignolé, Lesly Manigat, Sylvio Claude, Marc Bazin... Jodi a nou gen: Gracia Delva, Magalie Habitant, Ti Youri, Moïse Jean Charles, Jimmy Cherizier... kòm moun kap deside pou avni pitit nou.
M tande Bèlè atake Solino.
Sèl sa m te konnen ki te opoze 2 zòn sa yo se te:
- Zap-Zap fas a Shabba band (konkirans ke Raram te vin kanpe).
- Bayotan, Johnny Descolines fas Eliphène Cadet oubyen Tigana kiyès ki pi fò?
- Òglam ak Lègnwa kiyès ki fòme plis jwè?
Mèsi politisyen!