@DigicelHT Et Mwen menm ki fèvyon plan 3 mille goud dépi 25 juin ,pou Jouk li ekspire mw pajanm ka utiliser li, kounya Mwen vle konenn eske map perdu 3mille goud Mwen an
Mwen felisite leta ayisyen ki fè pa saa ki achte yon elikoptè pou peyi a,se Yon efò kanmenm.
Kounye a nou mande gouvènman an ansanm ak manb CPT yo mèt tèt ansanm pou debloke wout yo,paske sot sidès pou rantre https://t.co/3GDOyBAsfn.p se Yon kalvè.
#Moun yo paka tann ankò.
Mwen felisite pouvwa a ki wè nesesite pou kreye 4 lòt TPI nan peyi a,nap atire atansyon leta a tou sou nesesite ki genyen pou kreye 2 sou sidès la,1 sou awondisman Bèlans ak Benè,paske pozisyon gewografik yo fè Jakmel pa fasil.Benè bezwen 3 tribinal de pè ankò.
#jistispou pèp la
Se avèk anpil kè kontan Mwen apwann ke CPT a avèk tout gouvènman an peye meri yo kèk mwa ke yo te dwe yo,nou felisite sa,men nap di se poko fini paske nou pagendwa blye AZÈK,KAZÈK,delege vil yo, moun ki sòti pi lwen yo pagendwa trete an paran pòv.
#Ann goumen pou kolektif la.
Pourquoi l'arrondissement de Belance ne peut-il pas avoir d'une banque de BNC ? Pourquoi tous les enseignants et toutes autres personnes titulaires d'un chèque de l'Etat doivent-ils descendre à la ville de Jacmel pour se changer?
Poukisa arondisman bèlans paka gen Yon bank BNC?poukisa arondisman benè pagen Youn tou? poukisa tout profesè ak tout lòt moun ki gen Yon chèk leta oblije desann nan vil jakmèl pou Chanjel?1moun gen 15 mil goud sou chèk li li sòti ansapit poum vinn chanjel Jakmèl.
#ann Chanje sa.
Mwen renmen felisite sa ki bon, mwen salye gwo desizyon sa a konsèy prezidansyel la avèk Gouvènman man an pwan pou pa ale patisipe nan seremoni instalasyon prezidan dominikèn lan.Mwen apresye pozisyon minis afè etranjè a kidi pa dwe gen privilèj pou otorite épi pèp la pa ladan.
Jodi a elèv NS4 yo ap konpoze Mwen swete nou siksè, se Yon ane ki te chaje avek problèm alòske nou gen obligasyon pou nou bay bon rezilta, pou nou fè kè paran nou kontan, nou se aveni Peyi a, nou se demen sidès.
#tant vaut l'école, tant vaut la nation.
28 jiyè 2024 la fè Jakmel 326 ane depi li egziste,Youn nan vil nan peyi a ki gen Yon bel istwa.
Jodi a lap fete nan fènwa, nan salte...Men sa paka rete konsa, ann mete men ansanm pou nou wè si nou ka chanje sa,san ke nou pa mete jenès la sou kote.
#bòn fèt Jakmel
#limyè sou nou.