Nan chalè beton an, rara leve tankou yon souf lavi…
tanbou pale, vaksen rele,
se zansèt yo ki reponn nan van an.
Moun mache, kè yo bat menm ritm,
pa gen rich, pa gen pòv—
se yon sèl pèp anba menm son.
Rara pa jis mizik…
se memwa k ap mache pye atè,
se doulè ki tounen dans,
se libète ki refize dòmi.
E chak pa yo fè nan lari a,
se yon istwa yo ekri ankò—
san lank, men ak nanm. 🥁✨
Rara Saint Louis Du Nord
M vin raple yo
si yo wè w toujou SOLO
se paske w gen tanperaman C.E.O.
Ou ka toujou yon bon KONSEYE
men w konn lè pou w pale
epi w konn pou moun w ap EX-CEPTION.
Viv ak sa w genyen yo
paske isit lavi pa p janm JAN W RENMEN L LAN,
menmsi w toujou aprann di MÈSI.
Kèlkilanswa w pa ta jwenn yon PLAT COMPLET,
panse separe l ak TROIS lòt moun,
sinon rayisman ka di w MEN LI.
Petèt se fèt ou, men jodi a ka pa jou w,
raple w kanmenm AP GEN LÒT DAT.
Bagay yo pa p janm toutan COMME D'HABITUDE.
Menmsi vi a ta lage w SANS CONDITIONS
toujou kenbe tèt ou yon fason GOATESQUE.
Pinga w janm panse li TWÒ TA
eseye ankò, pa janm sispann jiskaske TOUT VA BIEN.
M konnen w pa p toujou OKAY,
Alòs pran tèks sa À MÉDITER
pou w kontinye desinen rèv ou
tankou PICASSO !!
@wendyyyytraka
#BonRekotKafe LEGENG 🐜👑