Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! 🥲
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Lè gang ap plede rache moun, tiye moun, Kidnape moun, fè djòlè nan pran lavi moun tankou paryaj, okenn dan kras pa t gen kontak ONU. Kou gen yon ti espwa pou ramne lòd e detwi bandi, yo tout gentan konnen ONU. M tèlman rayi moun sa yo ke pi gwo priyè m se wè yo mouri mal.
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : https://t.co/b1PKjnwCNT
Nan pwen kote Ayiti rive jodi a, pa gen okenn desizyon ki fasil ankò. Nenpòt chimen n ap pran ap mande sakrifis, e petèt gen konsekans nou pa ta swete.
Men, fòk nou konprann yon bagay: gang yo rive pran yon nivo kontwòl ki fè nenpòt tantativ pou soti nan sitiyasyon sa a vin ekstrèmman konplike…Nou pa ka kontinye fè kòm si gen yon solisyon majik ki pral rezoud tout bagay san doulè, san konsekans, san domaj kolateral.
Gen yon seri kesyon ki poze ki pa nesesèman ede nou avanse, men ki sanble fèt pou décrédibiliser nenpòt efò, nenpòt inisyativ, nenpòt desizyon ki ta ka ede peyi a soti nan twou sa a.
Lè yon peyi rive nan yon pwen kote tout opsyon yo gen risk, kesyon an pa ta dwe sèlman: “Ki konsekans desizyon sa a ka genyen?” Men tou: “Ki konsekans n ap kontinye peye si nou pa fè anyen?”
Paske inaksyon gen konsekans tou. Chak jou ki pase san yon chanjman reyèl, se plis teritwa ki pèdi, plis moun ki deplase, plis lavi ki detwi, plis fanmi ki kraze.
Sa pa vle di nou dwe aksepte tout desizyon san kritik. Okenn efò pa dwe chape anba analiz. kritik dwe sèvi pou amelyore solisyon yo, pa pou bloke yo anvan menm yo jwenn chans pou bay rezilta.
Reyalite a se ke nou pa ka soti nan yon kriz ki rive nan nivo sa 🤷🏾♂️san desizyon difisil, san sakrifis, e petèt san kèk domaj nou ta renmen evite. Sa nou dwe mande, se pou sakrifis sa yo pa fèt pou gremesi, pou gen yon estrateji klè, epi pou pwoteksyon lavi sivil yo rete yon priyorite.
Ayiti pa gen liks pou l rete bloke nan deba san fen pandan reyalite a ap vin pi grav chak jou.
Nan yon moman konsa, nou bezwen mwens demagoji, plis refleksyon; mwens blokaj, plis solisyon; epi sitou, plis volonte pou n gade reyalite a jan li ye a, menm lè verite a pa fasil pou n aksepte….
@Cleefton_dhaiti Ah yon moman done, fòk nou sispann reflechi pou reflechi tou. Nou pa ka nan make pa sou plas. Nan sa n deja ye la, pa gen okenn desizyon fasil pou n sot ladann ankò, se sakrifis
G on seri kesyon ki p ap pèmèt avanse ak anyen, yo la jis pou dekredibilize yon seri efò k ta dwe fèt
El Presidente @nayibbukele conversa con el Primer Ministro haitiano sobre la operación para rescatar a cuatro militares salvadoreños.
El mandatario destacó la contundencia del operativo, con un despliegue de más de 2 mil soldados, y reafirmó la disposición de El Salvador de continuar apoyando las labores de seguridad contra las pandillas en Haití, en beneficio de su población.
Muchos mensajes, análisis y comentarios como este, asegurando que las pandillas de Haití no son como las de El Salvador; que son sanguinarias, que están fuertemente armadas, que nadie ha podido vencerlas, que todas las misiones han fracasado, que estamos cayendo en una trampa, que no sabemos a lo que nos enfrentamos, que será nuestra ruina, que vamos camino a nuestro Waterloo.
Pero cuando Dios nos conceda la victoria, los mismos que hoy dicen todo eso cambiarán su discurso. Dirán que siempre fue fácil, que cualquiera podía hacerlo, que las pandillas de Haití no eran tan peligrosas como se pensaba.
En fin, nunca los hemos escuchado y no vamos a empezar ahora.
Todos los que se han enlistado son creyentes y hemos encomendado esta misión a Dios, mientras que las pandillas de Haití son satánicas y es de conocimiento público que hacen sacrificios humanos.
Dios nos concederá la victoria. El Creador del Universo está con nosotros.
Deuteronomio 28:7
“Jehová derrotará a tus enemigos que se levantaren contra ti; por un camino saldrán contra ti, y por siete caminos huirán de delante de ti”.
30 Oct au 10 Nov
3.141 ap EKRI & RECORD en Direct avec nou .. 30oct ap en direct sou YouTube, IG , FB , Tiktok .
rès JOU yo sou https://t.co/IllzWrqEsC
Nap ABÒNE pou 3.141 men Nap tou gen AKSÈ , a chak nouvo CHAPIT, a 3em édition #PW & chak VIDEO en exclusivité
3.141 #2027
First trailer for ‘12 12 12’, a new crime thriller series starring Anthony Mackie and Jamie Dornan.
The series follows 3 timelines of a heist — the 12 months of planning, the 12 hour heist & the 12 days after the heist.
Releasing November 13 on Apple TV.