Ou se yon imigran Ayisyen🇭🇹 ki apèn rantre Etazini ?🇺🇸Ou poko konn pale Anglè ?😔Ou gen yon telefòn nan men w ki gen entènèt ?📱Ebyen nap pwopoze w : « Anglè Rapid », yon konpayi ki nan Florida, ki devlope yon sistèm ki itilize entelijans atifisyèl pou montre w pale Anglè.
Randevou demen Madi 9 Avril la, apati 7è nan aswè. Nap LIVE sou Facebook avèk mèt pwojè a ki se fondatè @MagnaCyber ak pwogram Anglè Rapid la, @JaredDerival, ekspè nan teknoloji, epi detantè yon master nan “computer engineering”.
Pa rate LIVE sa a… paske nou pral bay « discount » a senk (5) “followers”, epi divès lòt sipriz ankò.-
📌Pa egzanp, kat travay la pase de $410 a $470 si w aplike (online), oubyen $520 si w aplike sou papye. Petisyon pou rezidans (I-130): ansyen pri a se $535, nouvo pri a se $625 (online) oubyen $675 (sou papye). Ajisteman stati ak frè anprent: ansyen pri $1,225, nouvo pri $1,440. Dokiman vwayaj ki te $575, kounya li $630. Poun site sa yo sèlman… | @EddyLaguerre @xplwaser
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Ann di ou gen yon 2 timoun ki apwouve nan “Humanitarian Parole”, tou 2 paran yo ap viv #Etazini. Swiv pwosès sa pou mennen timoun yo isi:
✔️ Premye etap lan se chèche yon moun ki ap vini, li pa oblije te fè #CbpOne lan ak timoun yo ni yo pa oblije nan “Travel Group”, amezi pwogram lan ap vanse gen kèk bèl
chanjman ki fèt.
✔️ Depi ou jwenn yon moun ki ap vini swiv premye etap lan, enpòtan wap bezwen bay otorizasyon pou fè “Extract of Minutes” jan yo rele l la nan ak non moun ki ap vini ak timoun yo, moun sa ap tou jwe wòl gadyen timoun yo.
✔️ Nan ka ou pa jwenn yon moun ditou, ou poko gen rezidans, mwen asime si w gen yon 2 zan isi omwens ou gen TPS, sa w dwe fè ale nan biwo #USCIS ki tou prè w pou mande yon dokiman vwayaj an ijans, yap ba ou li pou mwens yon semèn, mwen gen prèv sa mache deja.
✔️ Pou fini, kou w jwenn dokiman, ale pran timoun yo, pa mande m si wap bezwen papye lòt paran paske yon paran sèlman sifi. Wap sèlman bezwen asire w ou gen dokiman ki pwouve ou papa oubyen manman.
Ou wè detay sa yo, gen anpil timoun ki pa vini paske paran yo pat konnen pwosès sa, sa vle di pataje tweet sa ap ede yon lòt kanmenm. Bon dimanch!
#humanitarian #Haitian
@Clarenscharles_ Amen mwen resevwa profesi a nan non JEZI
E msantim rejwi pou moun sa ki nan menm dat avèm ki konfime avanm
Map tann konfimasyon pam nan
Ayisyen toujou vle kraze Ayisyen parèy yo,mwen poko janm wè yon nasyon rayi frè parèy yo konsa,pwogram nan gen 4 peyi ladanl,Ayisyen mache bay vye nouvèl sou Ayisyen parèy yo,genyen ki ta vle pwogram nan kanpe,mwen poko janm wè kote kiben,venezuelyen Nikaragweyen-kap bay vye nouvèl sou pwogram nan non,men Ayisyen li menm se yon kansè,tèlman nou rayi frè parèy nou,nou pa vle anyen bon pou yo. Mwen gen enpresyon gen kèk Ayisyen ki ekri USCIS ki mande kanpe pwogram nan deja wi,mezanmi poukisa nou konsa? 🤷���♂️
1- USCIS gen ase kapasite poul detekte epi sanksyone tout moun ki ap fè frod yo
2- USCIS se yon enstans federal,sa vle di pandan pwogram na tout enstans federal yo,ezanp FBI gentan la pou sa
3- Lè gen yon ankèt kap mennen sou yon dosye,yap finn rasanble tout fè yo avan .
NB : Ann sispann fè vye tweet sou pwogram di Sponsò pat resevwa moun lakay yo,nou konnen se manti nap fè,nou dèye destabilize Pwogram ak vye pawòl,nou rann kominote Ayisyen san respè.
- Anpil nan nou kap voye vye signal bay USCIS la,nou ta plis vle pwogram nan kanpe pito pou nou ka toujou santi nou se yon afè sou sak poko ale yo.
- Kite USCIS mennen ankèt li,USCIS gen kapasite pou sa. Tout sak koupab ap resevwa santans yo.
- Si gen fròd vre jan nou dil la,se pa sèlman Ayisyen ki ap ladann,sispann vann frè parèy mal.
-Se pa sèlman Ayisyen ki nan #Pwogram, sispann di Ayisyen pa bon,Ayisyen se volè,sispann,bay pwogram nan chans li,kite Pwogram nan mache.
...Sa se opinyon pam ....
Pou moun ki pral mande kisam ye poum ap pale konsa ( mwen gen fòmasyon nan « Blachiment d'argent et financement du terrorisme- Audit-Conformité-Controle ) etc..
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠��𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Si ou sòti Ayiti epi ou gen pou desan ayewopò Fort Lauderdale ( Florida), gade tweet sa avan w fè fanmi, zanmi, mennaj ki ap vin chèche w lan pèdi tan.
▪️Pou m klè ak nou pa gen moun ki renmen ale chèche moun “airport “ paske gen twòp monte desann.
Pou rann li fasil pou moun ki ap vin chèche ou an, ou bezwen fè jefò sa ou menm tou.
▪️Dayè avan menm ou achte tikè a ou dwe planifye ak moun ki ap vin chèche ou an pou disponiblite l paske pran tikè w nenpòt ki jou paske lap ede w “save” lajan se pwoblèm wap bay moun kap ede ou an li menm.
▪️Premye bagay ki enpòtan se sa: chèche limen telefòn ou aprè ou fin tyeke imigrasyon pou sòti deyò, konekte sou wifi sa li gratis :”Airpot-Wifi_Terminal_ 4), li pa bezwen password.
▪️Koulye a ou gen entènèt, rele moun ki ap vini chèche w la pou di l ou atè, dirije w vè “Terminal 4” si ou sòti Ayiti dirèk, ale plante w anba tèminal la epi tann.
▪️Si toutfwa ou fatige rete tann, ou ka antre nan sal 👇 sa pou fè yon chita pandan w rete konekte ak moun ki ap vini chèche w la. Otomatikman li preske rive ale plante w anba tèminal la ankò paske pran yon kontravansyon nan ale chèche moun ayewopò pa dous ditou. Moun ki ap vin pran w lan pap ka desann machin li an.
An jeneral tweet sa ap ede tout moun paske tout ayewopò pa bò isi gen wifi gratis, pwosès yo pa twò diferan nonplis. Pataje l ak yon lòt paske lap ede moun ki ap vin chèche moun lan ayewopò a e moun li ap vini pran.
#Immigration #haiti