Fòs lòd yo resi antre nan fyèf gang Ti lapli aprè plis pase 5 lane,bandi sa yo tap feraye nan matisan. Yon kote ki te teritwa pèdi nan absans leta ak lapolis
Gen moun ki nan fon kè yo swete Bukele echwe an Ayiti, jis pou yo ka di yo te gen rezon. Paske yo menm, yo pi entèlijan pase tout moun, yo pa fè pati « ti pèp sòt » la!
Yo tèlman envesti nan pozisyon yo pran, yo ta pito wè sitiyasyon an pa chanje olye yo oblije rekonèt yon moun yo pa renmen te kapab kontribye nan yon rezilta pozitif.
E se youn nan pi gwo maladi politik nou an Ayiti: Politisyen konn plis anvi advèsè yo echwe pase yo anvi peyi a reyisi.
Se menm mantalite sa a ki fè nou konn rejte yon bon inisyativ, pa paske li pa bon, men paske se yon moun nou pa renmen ki dèyè l.
Nan sitiyasyon nou ye la a, yon Ayisyen ki mete enterè peyi a an premye ta dwe swete nenpòt aksyon ki kapab soulaje popilasyon an bay bon rezilta, san sa pa anpeche l kritike metòd yo oswa denonse abi.
Lè w rive nan pwen kote w prefere wè yon inisyativ echwe olye w wè pèp ou jwenn soulajman, se pa peyi a ki priyorite w ankò. Se ego w.
~Carel
🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️🆘️
Men mesaj yon zanmim nan plèn nan kite pou mwen jodi a 😭😭💔💔
" Monchè m pa ekri w sou whatsapp akoz nèg yo nan plèn nan ap fouye telefòn moun epi yo mete aparèy ladann. Pa kite NOM mwen parèt si tout fwa wap poste l, koz anpil deriv rive nan plèn pandan semèn sa. Menm si moun nan pa bay enfòmasyon oubyen yo wè yon bagay ak prezidan BUKELE yo egzekite moun nan, aprè yo boule l. Nèg yo vinn pi sadik pi kriminèl popilasyon an ap sibi anba men nèg yo, gen moun ki an otaj lakay yo ki anvi ki te zòn nan , nèg yo pa vle. Fè mesaj la pase pou mwen tanpri, lè fòs salvadoryèn yo finn mennen operasyon, fòk FAD'H ak lapolis tou etabli yo nan plèn nan, si se pa sa nèg yo al geri bosko yo sou pèp la.
M ap fè tout fason pou m kite plèn nan."
Dear president @nayibbukele
Here is another satanic gang power seat belonging to Izo 5 secondes in Village de Dieu, not far from Sylvio Cator stadium the salvadoran troops already controlled.
Fòk nou sonje tout moun ki te kont misyon Bukele ann Ayiti depi nan kòmansman, ansanm ak sa ki te chwazi rete an silans. Lè wout yo kòmanse libere, chèf gang yo tonbe, moun ka sikile san kè sote, nou pap kite menm moun sa yo vin selebre yon bagay yo te kont oswa yo pa t janm soutni. Nou pap bliye!
Bare yo!