BREAKING NEWS 🚨: Kou siprèm Ozetazini Pèmèt Administrasyon Donald Trump la mete yon plan an plas ki vize revoke Estati Jiridik anviwon 530 mil Migran Ayisyen, Kiben, Venezyelien, Nikaragweyen ki te antre legalman Ozetazini nan kad Pwogram Biden nan, sa ki vini relanse risk ak menas depòtasyon moun Pwogram Biden yo si toutfwa yo pat gentan gen yon lòt Estati ki pou pèmèt yo rete legal Ozetazini .
Kounyea eske koup du mond dè klèb la pa pral gen yon enfliyans nan kesyon balon dò a, paske lap fèt andedan sezon an, byen ke se yon konpetisyon ki iregilye, mwen ta renmen gen aviw sou sa @KimHaiti93 ak @ralphganthier . Stp 👌
"Bonus bébé " se konsa Administrasyon Donald Trump la rele li, se yon pwogram ki vize rekonpanse 5000 💸 chak manman ki akouche yon bebe 👶 Ozetazini, daprè jounal @nytimes avèk @nypost, prezidan Donald Trump apwouve yon rekonpans finansyè avèk tout nouvo manman ki pral genyen pou akouche nan jou kap vini la yo , rekonpans sa vini aprè responsab yo konstate gen yon bès nan to natalite peyi a, sa vle di moun yo manke fè pitit, lajan sa se yon fason pou kapab ensite moun yo fè pitit, paske selon dènye rapò yo to natalite a glise avèk mwens pase 3,6 milyon timoun, fanmi ameriken yo tou genyen an mwayen 2 timoun pa fanmi, anplis medam yo kounyea gen tandans tann 30 dèfwa menm 40 lane menm pou yo fè pitit, sa ki pa vrèman nan avantaj peyi a selon ekspè ki ap defann kesyon fè pitit nan peyi Ozetazini, yo prevwa fè fòmasyon pou medam yo pou konnen kilè yap ovile pou yo kapap rantre nan rapò seksyèl pou ogmante kantite timoun nan peyi a, gen lòt rekonpans ki gen pou anonse ankò selon administrasyon Donald Trump la .
Pwogram Biden : Se ofisyèl, Jij Federal nan Massachusetts, Indira Talwani, pran desizyon sa jodia, li bloke Administrasyon Donald Trump la pou li pa depòte okenn moun ki te vini nan pwogram Biden nan, desizyon sa ki konsène Ayisyen, Kiben, Venezyelien, ak Nikaragweyen yo, se yon desizyon ki mete anpil kè kontan nan kominote Ayisyen an . Rete konekte map gen poum detaye desizyon an pou nou .
Imigrasyon : Yon ti soulajman tou piti pou moun ki te vini nan pwogram Biden nan, yon jij federal nan distri Indira Talwani kapab bay yon òdonans pwoteksyon tanporè ak moun Pwogram Biden yo, an atandan li evalye dosye a, daprè sa jounal @MiamiHerald rapòte, avoka imigran yo di yo optimis sou sa, jij la tande 2 pati yo deja, jij la santi li twouble nan agiman administrasyon Donald Trump la evoke yo, nan 2 semèn ankò, 7 avril ki ap vini la jij la pwograme yon lòt odyans, jij la angaje li ak 2 pati yo, men li pa di kijan li pral deside sou sijè sa, Esther Sung, direktris justice action center a di jij la mete an priyorite moun ki touche pa chanjman sa Administrasyon Donald Trump la pran nan politik imigrasyon peyi a.
Prezidan ameriken an , Donald Trump di li ap enpoze yon tarif 25% sou tout peyi ki achte petwòl nan men Venezyela, depi ou konn fè komès ak Etazini epi ou achte petwòl nan men peyi Venezyela nap aplike tarif 25% sou ou, se deklarasyon prezidan ameriken an. Donald Trump di peyi Venezyela kanpe anfas Etazini, yo voye entansyonèlman manm gang kriminèl yo a Tren de Aragua Ozetazini se pou tèt sa nou ap trete ak yo konsa .
Imigrasyon- Dosye TPS pou Ayiti : Administrasyon Donald Trump la pran desizyon pou li retire 6 mwa nan TPS Ayiti te genyen an, TPS la te valab pou 18 mwa. Olye Se mwa fevriye 2026, Administrasyon an fikse dat ekspirasyon TPS Ayiti a pou mwa dawout 2025 kounyea. Se sa ki di nan nòt la .
Daprè sa jounal @ABC rapòte jodia, vè 10h nan maten, yon Avyon militè Ameriken kraze nan pò San Diego a, California, Avyon sa ki te genyen sèlman 2 pilòt ladan li, Gadkot di yon bato pèch te pote sekou rapid bay pilòt yo, pou kounyea eta sante yo estab, Avyon sa se EA-18G Gwoler ki te gen sèlman 2 plas ladanl kraze ankò jodia Ozetazini . ®️CLC