Yon mouvman lari oubyen yon konferans laprès oubyen tweet chak 7 jiyè pou mande "JISTIS pou Pdt Jovenel" epi tann lòt ane. Monchè Pdt yo asasinen w tande, m pa bezwen konnen si w te sensè ou non, men ou ede n idantifye yo epi wè anba yo. Vanje tèt ou jan w kapab Gason.
Sonje m te di nou kòman ensekirite a chapante deja. Pèp la pase tout tan ap viktim, masak sou masak Ariel pa janm di anyen. Kan Pèp la lanse Bwa Kale, Ariel soti nan silans li. Se lè sa Kominote entènasyonal la resi wè Dwa Moun menase an Ayiti;
Mwen raple m sa gen anviwon 3 mwa depi m te di: nou pa lwen gè sivil la. Epi kounye a, nou ladan. Atansyon pa kapon; Se mèt kò ki veye kò; Bat pou se pa konpòtman w ki lakoz ou viktim.
Chak fwa ou santi ou vle febli, panse ak kantite moun ekzistans yo makonnen ak pa w la epi w ap wè ou gen plis pase yon milyon rezon pou reprann fòs ou...
Jacob 22-22
Si nou vle soti peyi a nan sitiyasyon li ye jounen jodi an, nou dwe pran bon jan desizyon pou n fini ak akizasyon youn kont lòt yo, pou n kòmanse akize pwòp tèt nou epi asime responsablite nou chak. Konsa na fini ak ipokrizi a epi na pran konsyans pou n pote chanjman nou swete a.
Solisyon pou pwoblèm peyi a pa ni nan pozisyon ògeye, ni nan diskou lahèn, ankò mwens ak yon swadizan lidè rabachè ki panse se nan dyòl dore chanjman an ap soti.
Ensekirite pa yon katastwòf natirèl. Se yon fenomèn moun pwodwi li ye. Nan peyi dAyiti, li se yon bagay ki byen panse, byen reflechi epi byen planifye; Leta òganize l, boujwa finanse l, politisyen itilize l epi kominote entènasyonal la fè biznis ak li.
Jacob22-22
Jounen jodi a fenomèn ensekirite a depase Leta konplis la, atravè ministè Lajistis nan yon nòt, li mande chak moun nan popilasyon an pou defann pwòp tèt yo. Atansyon! Se yon pyèj.
Ensekirite pa yon katastwòf natirèl, se yon fenomèn moun li ye. Se yon bagay byen panse, byen reflechi epi byen planifye li ye. Sak dwòl la, nan peyi dAyiti se moun ki gen gwo lajan ak politisyen restavèk ki nan konplisite ak Leta ki òganize l.
Liv lavi a chaje ak istwa. Chak paj, chak paragraf, chak fraz, chak mo yo se yon istwa. Chak istwa yo ede nou sonje yon lòt istwa. Sonje otè yo paske yo mete yo nan plas nou pou rakonte istwa nou pandan nou bliye si yo yo gen pwòp istwa pa yo, kit li trajik oubyen bay kè kontan.
M rive konprann 2 mwa peyi a sot lock la se te pou desann gaz atè a ki te 3 mil a 5 mil goud, sa depann de kote w ap viv la, pou l te ka 570 goud nan ponp.
Pwochen lock la se ap pou ki koz?
@AlynJerome@MontasVello@GrandHilaire@Chednerson1@AppolonMacilio
Zen an cho: laprès! Ann ale vit: moun gang fè kite kay yo! La crise est structurelle: inivèsitè! Avni peyi a: lajenès! St-Dom, Chili, Brezil, Darian, USA: avni peyi a! Viza koupe: Gwo palto, politichyen restavèk, oligak machann zam! Lènmi peyi a: KòGwoup!
AYITI!
Kow: Bal wi! Anmwey: yo tire yon moun! Nou pa gen lajan: yon kidnapin! Nou pakapab ankò: mache brile! Wouch: sant fatra! Viv... Aba, Vle pa vle fò l ale: manifestasyon! Grangou a rèd: lavi chè. Ti biznis lan paka fè pwofi: malfektè! Chofè: pa gen gaz! Ou wè de kk: Ariel!
AYITI!
Rejim sanksyon pou politichyen, restavèk ak oligak ki nan mare sosis ak gang epi nan dwòg... lis demagojik imajinè a long anpil, gen kèk non ki deja parèt... moun non yo sou lis la pa bezwen fatige yo, pap gen pinisyon, se jis yon ti rale zòrèy pou yo tande mèt yo.
🇭🇹AYITI🇭🇹
Je suis né pour mourrir, la vie est dans l'intervalle. Peu importe la raison et les conditions de mon existence je dois mourrir. La seule chose je ne veux ni vivre ni mourrir n'importe comment.
tankou mèt Jan Jak pou jwenn otè ak ekzekitè yo. Sou menm nòt sa AJSH kondane zak malonèt san parèy ak vyolasyon Dwa Moun kèk polisye fè sou militan Jean Gardy sou chann mas la. Altènativ Jenès la pou repran Dwa Grandèt Majè peyi a mande pèp la pou l pa febli. Batay la pap kanpe!
AJSH, nan non kòdonatè jeneral la, Schlend Whived JACOB, kondane ak tout fòs li zak sasinay lach, sispèk ki fèt sou jounalis Tess Garry ak tantativ sasinay ki fèt sou youn nan jounalis vedèt magik9, le nouvelliste, Roberson Alphonse epi mande otorite konsène yo pou degaje yo