#DenyèMesajMwen🎙️💯
Pò o pwens vinn yn savann izole 💔pyès Moun ladann pa epanye 😔 nn zorey Nou Matin Midi swa bal ap chante eske np Viv Vrè😓❓leta fè Yn Sel ap group gang ak boujwa pou mete Gro Chay sou do malere Pandn yo pa mnm ka potel 😔 Mesye ase ti pep la bouke ase ase😭
Je tiens à vous informer que, ce samedi 14 novembre, j’ai effectué les démarches nécessaires pour mon inscription sur la liste électorale et que je me suis également inscrit comme candidat au poste de maire de la commune des Cayes, dans le département du Sud,1er circonscription .
*Kontan Anonse nou ,Kandidatim pou pòs Majistra Okay 1er sikonskripsyon ,aprè anpil kalkil desizyon sa vini li lè li tan pou nou bay jèn yo plas yo nan sosyete an ,paske jèn yo gen nivo ak konpetans tou,se pou tet sa mwen mande Chak jèn al anregistre Kat nou etan ke sitwayen.
To prostisyon an ogmante ,vinn gen plis jen fi kap vann kò yo pa lajan ak yon Bagay yo nan nesesite pou li,em panse se mank responsabilité paran yo ki koz sa ,Koman ou konprann yon ti jen fi 15 lane tet fanmi tout Sak gen pou regle pou fanmi an se li ?
Antouka sa tris .
Mw Voye senpati mw bay fanmi Pharana Ruth Love Edmael ,ki pèdi lavi li nn yn kondisyon Trajik ,dram sa koze pa prop Mennaj li Fedner Lumene,Janm toujou di l pa gen rezon pou yn nèg touye yon fanm paske l tronpel koz vi trò enpotan mw jije zak sa trè kriminel,e mw mande jistis .
Kwakil answa viktwa dwe pou Pèp Hayisyen
Menm si nou ta anba okipasyon ,daprè mwen ,Hayti ap debouche sou yon okipasyon probableman okipasyon dominiken,se pral pi Gro imilyasyon le mond pral rekonèt ,e pep Hayisyen pral pran ,men nou pap gen le chwa ke aksepte make tweet sa.
Nou ap viv nan yon sosyete kote majorite paran demisyone,sa ki fè timoun yo deregle,yo pran desisyon yo vle e yo fè sa yo vle ,Mwen adrese m ak paran Hayisyen pou mwen di yo Voye je sou timoun yo ,nou bay timoun yo trop libète pou yo fè sa yo vle ,Jenès la respekte paran nou.
Premye plant lan mouri paskem te mal wouzel 🌱💔dezyèm plant lan mouri paskem wouzel trop 🌱🚶➡️a la fen mw reyalize avanm plante yon plant 🪴fòm chache konn nati tè a si non mw pap janm rekolte nan vim.
Jiskilè sa ap fini ?kilè yon egzanp ap trase ?aprè Chak krim nou fè sa fè propagann aprè sa fini kase fèy kouvri sa ,pa gen jistis pa gen eta dam ,mn nou gen kè mesye ,egzanp pou chak jen fi ki renmn zanmi ki renmn lajan kap kite zanmi mennen yo Ebyen men mn sa ki ka rivew .
Se toujou menm istwa yo kap repete Chak tan ,Bandi ap fè masak sou popilasyon an inosaman,e swadizan gen Leta nan yon peyi ,okontrè se mnm Leta sa ki afliye ak bandi pou fè masak sou pèp la ,A Chak dram Chak krim se toujou yon senp mo pou apeze doulè yo epi sa Fini Antouka.
Eleksyon proch se toujou menm konsantrasyon ak detèminasyon an
Mw pral nan eleksyon kòm majistra Sid peyi a ,ansanm nou fò mwen mande lajenès yon sipò fò ,mwen mande 3Zyèm seksyon kominal lan yon sipò fò tou ,paske vle pa vle Fok nou pran pouvwa.
#PENA#ELEKSYON#CEP
Mw pran angajman pou mwen dil nan yon dat konsa anko map fè nou sezi ,e nou pral di nou pat janm panse sa pou mwen ,la jenès travy sou tèt nou ,rete lekol ,aprann metye ,al nn univèsite ,paske lekol se premye pyon nnlavi yon moun ki gen gro rèv ,Pitit sòyèt mw ye Sak ta di sa…
Mwen Voye fòs kouraj ak tout moun kenskòf nan moman kap simonte yon situation grav nan lavi yo ,Mwen mande otorite konsène tcheke sou moun Kenskof paske nn moman sa grav sa di pou yo.
Mwen tonbe sou yon video kote bandi viv ansanm ,nèg kokorat san rat yo ,Kenbe yon jèn Gason yap rache l bout pa bout tout vivan mesye se tris,map mande ki kè nèg sa yo genyen pou yo ap fè Jan de krim sa,franchman Dlo zyem koule ,malerzman peyi a pa gen jitis hm sa di anpil .
Senpati ak Fanmi 5 moun ki pèdi lavi yo maten an nan aksidan ki fèt kanapevè an ,e fòs ak lòt sila ki Blese grav yo,li te ka ou ,li te ka Mwen ,li te ka nou tout ,sensèman sa touchem tout ofonm .
#Kouraj#Fos#VoleWo🕊️💔🖤
Mwen adresem ak lajenès ,e youn nan konsèy map bay lajenès se rete lekol aprann yon bagy ,paske nan nouvèl jenerasyon sa se lajenès ki pral dirije ,Nou souvan Di yo pa bay jèn chans yo nan peyi a ,Ebyn momn sa ki pral vini la se lajenès ki pral dirije rete lekol anko aprann .