Gen rimè ki di yo ka elimine Ministè Kilti pandan tranzisyon an. Sa a pa akseptab non PM @ConilleGarry. Se pa mwen ki pral aprann ou ke Kilti se baz idantite nasyonal nou e yon eleman esansyèl pou devlopman sosyal ak ekonomik.
Elimine Ministè Kilti pandan tranzisyon an se pa sèlman yon move desizyon, men li tou mete an danje kapasite nou pou pwoteje ak pwomote richès kiltirèl nou ki se youn nan ti sa ki pozitif nou ka ekpòte toujou. Soti nan mizik ak dans rive nan atizay ak literati, kilti peyi nou te e dwe rete yon sous fyète.
Se vre nou nan kriz, (se pa tankou ministè a tap regle yon bagay serye denye ane sa yo), fòk nou kontwole depans leta.... men Gouvènman tranzisyon ou pral dirije a ta dwe wè sa tankou yon opòtinite pou ranfòse Ministè Kilti a olye pou diminye l. Ou ta dwe asire w li gen tout resous nesesè ak yon bèl plan pou devlope sektè e sipòte operatè kiltirèl yo. Sa ki kapab kontribye nan ekonomi peyi a e mete baz pou yon gouvènman eli kontinye travay la.
Nan non tout moun nan sèktè a map raple w: Kilti nou pa negosyab!
Yo guys mwen sot anba post Didy an mwen li yon kòmantè @JMTropnas fè mwen fè yon sèl kout anmweeeyyyy 😁😁😁 nèg sa yo chen anpil wi 😁😁 thug pa kouri ak sèvyèt 😁😁😁