- Defwa nan silans, lanmou ka eksprime sa yon jounen pawòl ka di.
- Nan silans, 2 kè ka ekri powèm pou plen yon rekèy.
- Nan silans, vwa m ka fè eko nan kè w ke 100 espikè nan festival.
- Kite m eksprimen lanmou m an silans.
Jis gade m nan je, w ap konprann tou sa kè m di.
@PyramidVevo@Kaly973 Aprè grèf la tout bagay ap nòmal monchè. Se tankou w te gen yon jaden w plante sou yon pati nan tè a wi. Ou ka fè cheve w, tyas nòmal e y ap repouse
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
@iam_JC1 W ap pale bèl la wi. Si nèg yo rive netralize gang yo san yo touye chèf yo li ap sanble yon batay pou twofe. Sou lis 3 nèg ki nan perimèt imedya yo si yo pran yo se ap yon gwo kou. Alimantasyon nèg yo se Plip plip, Jeff ak Chen an ki genyen l. Pran yo 3 se afebli baz Viv Ansanm
@guithosaul Monchè nou la dousman bro. M pa Twit men m swiv tanzantan, lavi a ap ba nou kou serye nan ane 2026 sa. M pèdi matant, papa ak kouzin nan yon espas 3 mwa edmi. Sa te on jan difisil pou dijere
@Cleffordsaintc1 Si nan kout kat sa w ta tande yon fè tèt youn ou 2 gwo chèf gang nan peyi a se vyolasyon dwa moun toujou? Souverennte a pa dwe sèlman yon bagay sou papye men l dwe aplikan nan katye yo tou. Depi 2021 nou prizonye anndan pwòp peyi nou. Nou frenk bouke depi kèk jou wi
@CReadjy85268@Kaly973 Se pa tout kote moun yo abitye ak bandi non. Kote m abite a moun yo pa ko janm fè fas ak koze sa. Moun lan ka konte lajan l nan lari, mache ak telefòn li san l pa enkyete, pran lari nenpòt lè sa moun p ap poze l kesyon. E si yon gwoup ta vle chanje tandans sa li pap bon pou yo.