@carelpedre Frank Lampard ansyen jwè Chelsea fè anpil bagay pou Chelsea kom jwè ,li vin antrenè Chelsea tout jwè li mande achte poul fè ekip la yo bal tout , li paka bay rezilta yo limojel nan mitan sezon an, coach ki ranplasel la pran C1 ak menm jwè yo nan menm sezon an
@carelpedre sèl sam ka di nan football se rezilta yo beswen nan menw, yo pa beswen konen saw te fè deja, jou ou paka bay rezilta yap limojew, men sa pavledi ou pa bon pou sa tou, yo ka limoje yon coach epi kotel ale a li bay rezilta, epi coach ki ranplasel la bay rezilta ak menm jwè yo tou
@nitronitroni Mw pa fans Real, men transfer Bernado a se swiv pou nou swiv pou nou wè sa lap pote , m sonje Milan vann Juventus Pirlo sou pretèks Pirlo trop granmoun li fini , poutan Pirlo bay Juv 3 gwo sezon, devèn pouli li te jwen ak Barça MSN nan nan final C1 ki koz li pa pran C1 ak Juv
@Mc_Gareth_911 Sepa kesyon egri , jwèt la pa gen santiman nan li , se rezilta ki konte, se pèfòmans ou kap fè yo relew , depiw nan koze santiman wap pran echek, ou met te fè tout bagay pou yon club depiw pakapab ankò yap voyew ale , sonje jan yo te voye Casillas ale nan Real
Demen swa a 8 PM, Carel ap pale ak Naïka. Kijan li rive konkeri lemond kòm atis endepandan san li pa janm pèdi rasin li? Yon randevou pou pa rate ak @naika sou @chokarella
📅 Mèkredi 29 Avril | 8 PM
📍 Sou tout platfòm Chokarella
@nitronitroni Pou vini Ballon d’or fok li ta pran CDM lan epi fok li ta bitè ou byen meyè jwè . Pou Mbappé ballon d’or fok Paris pa ta pran C1 an epi pou france pran CDM lan Kyky meyè jwè ou meyè bitè, si Paris pran C1 an de epi france chanpyon Dembele ap konplike bagay la nan men Kyky
🚨 Kreyatè ayisyen yo, men yon gwo opòtinite pou Mondyal 2026 la!
@DAZN@DAZNFootball lanse #DAZN48, yon pwogram kote y ap chèche 48 kreyatè kontni, youn pou reprezante chak peyi ki kalifye pou FIFA World Cup 2026 la.
Kisa DAZN ye?
DAZN se yon gwo platfòm espò entènasyonal ki difize match, analiz, dokimantè, emisyon ak kontni espò atravè mond lan. Pou Mondyal 2026 la, yo vle bay fanatik yo yon eksperyans ki pi sosyal, pi kiltirèl, pi pre pèp yo.
Ki moun DAZN ap chèche?
Yo ap chèche kreyatè ki ka reprezante lespri foutbòl peyi yo: moun ki renmen foutbòl, ki konprann kilti peyi yo, ki alèz sou kamera, ki konn pale ak kominote yo, epi ki ka rakonte istwa ak enèji.
Kèk pami Kondisyon minimòm yo:
✅ Ou dwe gen omwen 18 lane
✅ Ou dwe gen omwen 3,000 followers sou youn nan platfòm ou yo
✅ Ou dwe ka pale anglè + lang lokal peyi w
✅ Ou dwe fè yon videyo vètikal 9:16 ki pa depase 1 minit
⚠️ Yon detay enpòtan: DAZN di kreyat�� a dwe ap viv nan peyi li vle reprezante a.
Aplikasyon yo ap fèmen dimanch 10 me.
Si ou se yon kreyatè ayisyen, jounalis, vlogè, komedyen, storyteller, fanatik foutbòl, oswa yon moun ki konn fè bon kontni sou rezo sosyal. Pa ezite aplike pou opòtinite sa a.
Chèche aplikasyon sou https://t.co/66qN1e02b3 pou plis detay