Divizyon fè jwèt lènmi an. Inite bay viktwa ak silla yo ki mete yo dako.
Tout moun ki di yap goumen pou Ayiti dwe rasanble yo pou fòs la ka frape pi fò.
@citoyendidier ou jwenn 1 gwo opotinite pou w dirije pèp sa a. Fè on diferans non. Mete grenn, dirije jan konstitisyon an vlew fè sa non. Pwan bon desizyon ki an favè pèp la. Pa kite nonw site nan poubèl listwa menm jan ak sak pase yo... Fè on mirak non li pa enposib.
@DGParaison M sur ke Peyi an te ka bay tèt li on 50 cha konsa ki tap depwaye nan depatman lwè ak Latibonit.... nan on mwa maximum tout bagay tap fini.... epi DG gen twop volè nan peyi an arete yo
@PrimatureHT Mesye ann jis imajine nou te vle rekonstwi peyi nou.... gen ase moun ki fòme ke se nan peyi an ke se nan Diaspora ki pare pou ede m rekanpe peyi an nan tout aspè... nou gen on popilasyon ki jenn ki ak tout fos li li kwe nan travay..... Mwen se Ayisyen em renmen peyim
@clarensrenois Diskou ki pi fasil pou politisyen Ayisyen epi Caricom, ONU, DR ap.deside pou yo. Kesyon : koman w santi w kom moun kap fè politik pou peyi w pou: otorite meriken ap rankontre ak otorite dominiken pou pale sou sitiyasyon Haiti epi pou pa gen ankenn reprezantan politisyen Ayiti?